Information For...

For you and your family
Standard mileage and other information

Forms and Instructions

Individual Tax Return
Instructions for Form 1040
Request for Taxpayer Identification Number (TIN) and Certification
Request for Transcript of Tax Return

 

Employee's Withholding Allowance Certificate
Employer's Quarterly Federal Tax Return
Employers engaged in a trade or business who pay compensation
Installment Agreement Request

Popular For Tax Pros

Amend/Fix Return
Apply for Power of Attorney
Apply for an ITIN
Rules Governing Practice before IRS

Konprann notifikasyon osnon lèt IRS ou resevwa a

Notifikasyon oson lèt ou resevwa esplike rezon ki fè yo kontakte w e l ap ba w enstriksyon sou kouman pou jere kesyon an.

Si w dakò ak enfòmasyon, ou ba bezwen kontakte nou.

Antre nimewo notifikasyon oswa lèt ou a anwo a pou jwenn plis enfòmasyon sou notifikasyon oswa lèt IRS yo, ansanm avèk repons pou plizyè kesyon ki gen rapò ak notifikasyon. Si ou pa jwenn rezilta pou notifikasyon oswa lèt ou a apre w fin itilize Zouti Rechèch sou Notifikasyon ak Lèt (Notices & Letters Search) nan paj sa a, kontakte nou nan nimewo pou apèl gratis la ki se 800-829-1040.

Poukisa IRS voye notifikasyon ban mwen?

IRS voye notifikasyon ak lèt pou rezon sila yo:

  • Ou gen yon balans ou dwe.
  • Yo dwe w yon ranbousman pi laj osnon pi piti
  • Nou gen kesyon sou deklarasyon w lan.
  • Nou bezwen verifye idantite w.
  • Nou bezwen plis enfòmasyon.
  • Nou modifye deklarasyon w lan.
  • Nou bezwen fè w konnen gen reta nan ekzamen deklarasyon w lan.

Pwochen etap

Li
Chak notifikasyon osnon lèt, gen yon seri bon jan enfòmasyon; se pou sa li enpòtan pou byen li l. Si nou modifye dklarasyon taks ou, konpare enfòmasyon nou bay nan notifikasyon osnon lèt la ak enfòmasyon ki nan deklarasyon original ou a.

Reponn
Si notifikasyon osnon lèt ou a mande ou repons nan yon delè byen determine, gen 2 rezon prensipal w ap gen pou obsève :

  • Diminye kantite enterè ak sanksyon
  • Pwoteje dwa ou genyen pou pwoteste desizyon an si w pa dakò.

Peye
Peye otan ou kapab, menm si ou paka peye tout kantite lajan ou dwe a. Ou ka peye nan òdinatè w osnon ou ka siyen yon Akò pou Peye Elektronik. Ou ka ofri tou yon solisyon konpwomi. Vizite paj payments pou plis enfòmasyon. 

Kenbe yon kopi notifikasyon osnon lèt ou resevwa a
LI enpòtan pou kenbe kopi tout notifikasyon osnon lèt ansanm ak dosye taks ou. Ou ka bezwen dokiman sa yo pita.

Kontakte nou
W ap jwenn nimewo telefòn nou nan kwen siperyè adwat notifikasyon osnon lèt la. Anjeneral, ou bezwwen kontakte nou sèlman si w pa dakò ak enfòmasyon an, si nou mande plis enfòmasyon oubyen si w dwe yon balans. Ou ka ekri nou tou nan adrès ki sou notifikasyon osnon lèt la. Si w ap ekri, fòk ou tann owens 30 jou anvan ou jwenn yon repons.

Pozisyon nimewo notifikasyon osnon lèt la

Ou ka jwenn nimewo notifikasyon an (CP) osnon lèt la (LTR) oubyen anwo, oubyen anba korespondans ou a.

Lè notifiksayon osnon lèt la parèt sispèk

Tanpri, vizite paj Report Phishing si ou resevwa yon notifikasyon osnon yon lèt ki parèt sispèk e ki sanble li te fèt pou l parèt kòmsi li soti nan IRS. Ou ka rele tou: nimewo sila: 1-800-829-1040. Nou pa janm mande peyè taks pou ban nou enfòmasyon pèsonèl pa kouryèl, osnon nan medya sosyal yo.