Lòt Fason Ou Kapab Peye
- Sistèm Peman Elektwonik Taks Federal (pi bon opsyon pou biznis oswa gwo peman; enskripsyon obligatwa)
- Retrè Elektwonik Lajan (pandan w ap soumèt deklarasyon an pa mwayen elektwonik)
- Transfè elektwonik menm jou a (bank la ka chaje frè pou sa)
- Chèk oswa Manda Postal
- Lajan Kach (kay yon distribitè asosye)
Ou Pa Ka Peye Kounye a?
- Peye obligasyon taks ou yo pa moso chak mwa lè w aplike pou yon akò peman sou entènèt
- Gade si w kalifye pou w jwenn yon òf pou fè yon konpwomi -- yon fason pou w ka akite dèt taks ou pou mwens pase montan total la
- Mande nou pou nou akòde w yon delè peman tanporè jiskake sitiyasyon finans ou amelyore