Skip to main content

Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole)

Consumer Financial Protection Bureau (Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè, CFPB) a se nouvo ajans gouvènman federal la ke yo kreye pou fè pwodwi finansye ak sèvis yo travay pou tout moun–ke y’ap achte yon kay, chwazi yon kat kredi, voye lajan bay yon manm lafanmi nan peyi letranje, oswa sèvi avèk lòt pwodwi finansye pou konsomatè.


Nou sipèvize bank, sendika kredi, ak lòt konpayi finansye, epi nou ranfòse lwa finansye yo ki pwoteje w kont pratik enjis, mansonjè, ak abizif yo.

Èske w gen yon pwoblèm avèk yon pwodwi oswa sèvis finansye? Nou vle tande opinyon ou. Yon moun ki pale Kreyòl Ayisyen kapab reponn apèl ou. N ap voye plent ou yo bay konpayi a epi n ap travay di pou jwenn yon repons nan men yo. Ou gen dwa soumèt yon plent konsènan kat kredi, ipotèk, kat ki peye alavans, voye lajan nan peyi letranje, rapò sou kredi, kont oswa sèvis labank, koleksyon dèt, prè ki repeye lè w touche, prè etidyan, prè machin, ak lòt prè konsomatè. Rele CFPB nan (855) 411-2372 epi peze 9.

Èske w bezwen enfòmasyon sou nenpòt sijè sa yo?

W'ap chèche achte yon ipotèk? (Shopping for a mortgage? What you can expect under federal rules)

Lis konsèy pou anpeche sezi kay (How to avoid foreclosure)

Ou genyen yon ipotèk?  (Have a mortgage? What you can expect under federal rules) 

Lis tchèk pou ouvri yon kont labank oswa kont kredi sendika (Checklist for opening a bank or credit union account)

Chwazi pwodwi ak sèvis finansye (Selecting financial products and services) 

Fason pou peye bòdwo w yo (Ways to pay your bills)

Fason pou resevwa lajan w (Ways to receive your money)