Kote Deklarasyon Modifye Mwen An?

Verifye sitiyasyon Fòm 1040-X, Deklarasyon Modifye Taks sou Revni Endividyèl Etazini, ou te depoze ane sa a epi jiska twa zan ki sot pase yo.

1. Kilè pou verifye...

  • Deklarasyon modifye ou depoze a ap pran jiska 3 semèn aprè ou poste li pou li parèt sou sistèm nou an.
  • Tretman dosye a kapab pran jiska 16 semèn.

2. Kisa ou bezwen...

  • Nimewo Sekirite Sosyal
  • Dat Nesans
  • Kòd Postal

3. Kijan pou rive konnen...

Sitiyasyon Deklarasyon Modifye (an Anglè)

 


Zouti pou deklarasyon modifye a pa arive aksede a deseri deklarasyon mofiye; gade nan kesyon moun poze souvan yo (an Anglè) pou plis enfòmasyon.

Anplwaye IRS ki ede moun pa telefòn yo pa genyen okenn enfòmasyon adisyonèl konsènan deklarasyon modifye ou fè a pandan peryòd tretman dosye a. Rele nan nimewo telefòn gratis nou an sèlman lè zouti a mande ou pou kontakte nou.