Opsyon Deklarasyon Elektwonik pou Moun

 

Gen kat opsyon pou deklarasyon elektwonik pou kontribyab endividyèl ki ekri pi ba la. Nan ka biznis ak lòt kontribyab ki fè pati lòt piblik, gade nan lyen ki a goch la yo.

Itilize Deklarasyon Gratis IRS oswa Fòm Aktif yo

  • Itilize Deklarasyon Gratis IRS si revni an gwo ajiste ou se $69000 ou mwens pase sa.
  • Si ou santi ou alèz pou prepare dosye taks ou poukont ou, eseye Fòm Aktif Deklarasyon Gratis yo.

Pran Plis Ransèyman Sou Deklarasyon Gratis

Itilize yon Sit pou Preparasyon Deklarasyon Taks Ki Gratis

Pwogram Volontè pou Asistans nan Taks sou Revni (VITA) ak Konsèy sou Taks pou Moun Laj Avanse (TCE) IRS genyen yo ofri èd gratis nan taks ak e-file a kontribyab ki gen dwa a sa.

Pran Plis Ransèyman Sou Preparasyon Gratis Deklarasyon Taks

Itilize Lojisyèl Komèsyal

  • Itilize lojisyèl komèsyal pou preparasyon taks pou w ka prepare epi depoze dosye taks ou.
  • Yo transmèt yo atravè vwa elektwonik ke IRS aprouve.

Pran Plis Ransèyman Sou Lojisyèl Komèsyal (an Anglè)

Chèche Jwenn yon Distribitè e-File Otorize

  • Pwofesyonèl taks ke pwogram elektwonik nou an aksepte, yo se distribitè e-file ke IRS otorize.
  • Yo kalifye pou prepare, transmèt e trete deklarasyon pa mwayen e-file.

Chèche Jwenn yon Pwofesyonèl Taks Kounye a (an Anglè)