Tip Relve ak Fason pou Fè Kòmann Yo

Fason pou Resevwa Relve

Ou ka enskri pou itilize Resevwa Relve Sou Entènèt pou wè, enprime, oswa telechaje tout tip Relve ki ekri anba la yo.

Si ou pa kapab enskri oswa ou prefere pa itilize Resevwa Relve Sou Entènèt, ou ka fè kòmann yon relve deklarasyon taks epi/oswa yon relve kont taks ou lè w itilize Resevwa Relve pa Lapòs oswa rele nan 800-908-9946. Tanpri tann ant 5 a 10 jou ouvrab avan yo livre li.

Ou kapab fè demann pou nenpòt ki kalite relve ki nan lis anba la a pa mwayen faks/lapòs Fòm 4506-T, Fè Demann pou Relve Deklarasyon Taks (an Anglè) jan fòm nan endike a.

Tip Relve ki Genyen Yo

Nou ofri tip relve sa yo gratis pou ou:

  • Relve Deklarasyon Taks - montre pifò eleman ki nan liy fomilè yo tankou revni an gwo ajiste (AGI) ki nan deklarasyon taks inisyal la Fòm 1040 jan ou te soumèt li a, ansanm ak tout lòt fòmilè ak barèm. Li pa montre chanjman ki te fèt aprè ou te fin soumèt deklarasyon inisyal la. Relve sa a disponib sèlman pou ane fiskal aktyèl la ak deklarasyon yo trete pandan twa zan ki sot pase yo. Yon relve deklarasyon taks nòmalman satisfè bezwen yon etablisman ki prete moun lajan ki ap ofri ipotèk ak prè pou etidyan. Note Byen: konjwen segondè ki nan yon deklarasyon an komen dwe itilize Resevwa Relve Sou Entènèt oswa Fòm 4506-T pou fè demann tip relve sa a. Lè w ap itilize Resevwa Relve pa Lapòs oswa telefòn, se kontribyab prensipal ki nan deklarasyon an ki pou fè demann lan.
  • Relve Kont Taks - montre done de baz tankou tip de deklarasyon, kondisyon matrimonyal, revni an gwo ajiste, revni taksab ak tout kalite pèman. Li montre chanjman ki te fèt aprè ou te fin soumèt deklarasyon inisyal la tou. Relve sa a disponib pou ane fiskal aktyèl la ak jiska 10 zan ki sot pase yo lè ou itilize Resevwa Relve Sou Entènèt oubyen Fòm 4506-T. Lè w ap itilize Resevwa Relve pa Lapòs oswa telefòn, limit ou se pou ane aktyèl la ak deklarasyon revni yo trete pandan twa zan ki sot pase yo. Note Byen: Si ou te fè pèman estimasyon taks epi/oswa ou te aplike rès kòb yon pèman anplis ki te nan yon deklarasyon taks ane pase, ou ka mande tip relve sa a kèk semèn aprè kòmansman ane sivil la pou konfime pèman w avan ou depoze deklarasyon taks ou.
  • Dosye sou Relve Kont - konbine Relve deklarasyon taks ak Relve kont taks ki ekri anwo a la pou fè yon sèl rapò. Relve sa a disponib pou ane fiskal aktyèl la ak deklrasyon yo trete pandan twa zan ki sot pase yo lè ou itilize Resevwa Relve Sou Entènèt oubyen Fòm 4506-T.
  • Relve sou Salè ak Revni - montre done ki soti nan deklarasyon enfòmasyon nou resevwa yo tankou Fòm W-2, 1099, 1098 ak Fòm 5498, Enfòmasyon sou Kontribisyon nan IRA. Enfòmasyon sou ane fiskal sa a ka petèt pa fin konplè avan mwad Jiyè. Relve sa a disponib pou jiska 10 zan ki sot pase yo lè ou itilize Resevwa Relve Sou Entènèt oubyen Fòm 4506-T.
  • Verifikasyon Lèt pou Moun Ki Pa Deklare - bay prèv ke IRS pa gen okenn dosye sou okenn Fòm 1040 ke ou te soumèt pou ane w ap mande a. Li pa revele si ou te gen obligasyon pou deklare revni w pou ane ki konsène a. Lèt sa a disponib aprè 15 Jen pou ane fiskal aktyèl la oswa nenpòt lè pou twa zan ki sot pase la yo, lè ou itilize Resevwa Relve Sou Entènèt oubyen Fòm 4506-T. Se pou w itilize Fòm 4506-T si ou bezwen yon lèt pou ane fiskal ki vini avan twa zan ki sot pase la yo.

Note Byen: Yon relve kapab montre fòmilè deklarasyon an ak/oswa done ki nan kont ou. Li kapab montre chanjman oswa tranzaksyon ki te fèt aprè ou te fin soumèt deklarasyon inisyal la tou. Kòd tranzaksyon yo gen twa chif ladan yo. Yo itilize yo pou idantifye yon tranzaksyon ki nan pwosesis tretman epi pou yo konsève istorik aksyon ki poste nan kont kontribyab la. Pou plis enfòmasyon sou kòd tranzaksyon, tanpri gade nan Dokiman 11734 - Gid Abreje sou Kòd Tranzaksyon (an Anglè) PDF.

Note Byen:: Yon relve se pa yon fotokopi deklarasyon taks ou. Si ou bezwen yon kopi deklarasyon orijinal ou, ranpli epi voye pa lapòs Fòm 4506, Demann pou Kopi Deklarasyon Taks (an Anglè), ansanm ak frè ou sipoze peye a.

Vizite paj Kesyon Moun Poze Souvan (FAQs) sou Resevwa Relve (an Anglè) pou plis enfòmasyon.

Retounen sou paj dakèy Resevwa Relve a