Gade Enfòmasyon sou Kont ou

Si ou se yon kontribyab endividyèl, ou ka gade :

  • Balans pou w peye, mizajou pou jou aktyèl nan kalandriye a
  • Detay Balans ou pa Ane
  • Istorik pèman w ak pèman regilye oswa an atant
  • Enfòmasyon kle nan dènye deklarasyon enpo ou te fè
  • Detay sou plan pèman w, si ou gen yonn
  • Seleksyone avi IRS yo

Ou kapab tou :

  • Fè yon pèman anliy
  • Gade opsyon pèman anliy yo epi fè demann yon plan via akò pèman Anliy lan
  • Ale nan Jwenn Transkripsyon pou w gen Aksè ak Dosye Fiskal ou yo

Silvouplè, remake :

  • Balans ou ap ajou pandan plis pase yon sèl fwa nan 24 è, dabitid nan lannwit.
  • Chèk oswa pèman pou kòmand lajan ka pran jiska 3 semenn pou yo parèt sou kont ou.

Kreye oswa ale sou kont ou (an Anglè)

Aksesiblite

Gen pwoblèm konpatiblite avèk teknoloji pou asistans yo. Ale nan gid aksesiblite (an Anglè) a pou ou jwenn èd si w ap itilize yon lektè ekran, yon loup oswa yon lojisyèl a kòmann vokal.

Avi : Itlizatè iOS11, macOS10.12, ak macOS10.13VoiceOver yo ka rankontre kèk difikilte lè y ap ouvri aplikasyon an. Si sa rive w, silvouplè ale nan seksyon « Lòt fason pou w konnen konbyen ou dwe »

Lòt fason pou w konnen konbyen ou dwe

Ou bezwen Peye?

Gade opsyon pèman ou yo.

E Si Mw Pa Peye?

Nou ka antreprann yon seri aksyon pou koleksyone taks ou pa peye yo.

Pran plis ransèyman sou rekouvreman taks e dwa legal ou genyen (an Anglè)