Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

ocean waves in a storm

Siklòn

 

Siklòn yo danjere e yo ka fè anpil dega akòz vag tanpèt, domaj ke van koze, ak inondasyon. Yo ka rive sou tout bò lakòt ameriken an oswa nan nenpòt teritwa ki nan oseyan Atlantik oswa Pasifik. Nan istwa Etazini, se vag tanpèt yo ki kòz prensipal lanmò ki gen rapò ak siklòn.

illustraton of east coast of US
Sezon siklòn nan lès Pasifik: 15 me 30 novanm.
illustraton of west coast of US
Sezon Siklòn nan Atlantik: 1 jen-30 novanm.
illustraton of west coast of US
Sezon siklòn nan Pasifik santral: 1 jen-30 novanm.

Prepare pou Siklòn

Konnen risk siklòn pa ou

Siklòn yo pa yon pwoblèm pou lakòt sèlman. Chache konnen ki jan lapli, van, dlo ka rive kote ou rete pou ou ka kòmanse prepare depi kounye a. Asire w ke ou konsidere kijan COVID-19 ka afekte plan w yo. Sonje ke pi bon pwoteksyon w kont efè yon siklòn ka diferan de pi bon pwoteksyon w kont maladi, maladi tankou kowonavirus 2019 (COVID-19).

Mete Sou Pye yon Plan Ijans

Asire w ke chak moun nan kay la konnen epi konprann plan siklòn ou an. Diskite dènye konsèy Sant pou Kontwòl Maladi (CDC) sou kowonavirus (COVID-19) epi kijan li ka afekte planifikasyon siklòn ou an. Pa bliye yon plan pou travay la, gadri timoun yo, ak tout lòt kote ou frekante. COVID-19

Konnen Zòn Evakyasyon w lan

Ou ka gen pou w evakye byen vit akòz yon siklòn. Aprann wout evakyasyon w, pratike ak moun lakay ou, bèt kay, epi idantifye kote ou pral rete. 

  • Swiv enstriksyon responsab ijans lokal yo k ap travay sere sere avèk ajans leta, lokal ak tribi yo ansanm avèk ajans teriroryal ak patnè yo. Y ap bay dènye rekòmandasyon ki baze ou menas pou kominote w la ak mezi sekirite ki apwopriye.
  • Avek espas ki vin limite akòz COVID-19, refij evakyasyon piblik yo ka pa pi bon chwa pou ou ak fanmi w. Si ou pa abite nan yon zòn evakyasyon obligatwa, planifye pou abrite w sou plas lakay ou, si li pa prezante danje pou w fè sa. Si ou pa kapab abrite w lakay ou, planifye pou w al abrite kay zanmi ak fanmi, kote w ap pi an sekirite ak pi alèz.
  • Note byen ke refij ou abitye a ka pa louvri ane sa a. Tcheke avèk otorite lokal yo pou dènye enfòmasyon sou refij piblik yo.
  • Si w oblije evakye al nan yon refij piblik, eseye pote atik ki ka ede w pwoteje tèt ou ak lòt moun nan refij la kont COVID-19, tankou dezenfektan pou men, materyèl pou netwaye, ak de mask pou chak moun. Timoun ki poko gen dezan ak moun ki gen pwoblèm pou respire pa bezwen mete mask.
  • Revize diretiv CDC yo pou “Ale nan yon refij piblik akòz yon dezas pandan pandemi COVID-19 la.” 

Sila yo ki gen Andikap

Si ou menm oswa yon moun lakay ou se yon moun ki gen yon andikap chèche konnen si ou w ap bezwen plis èd pandan yon ijans.

Prepare Biznis ou

Asire w ke biznis ou gen yon plan kontinwite pou li kapab kontinye opere lè dezas frape.

Rekonèt Avètisman avèk Alèt

Ou dwe gen plizyè fason pou resevwa alèt. Telechaje app FEMA a epi pou w ka resevwa alèt Sèvis Meteyo Nasyonal (National Weather Service) an tan reyèl nan pou senk kote maksimòm nan tout peyi a. Enskri pou alèt kominote nan zòn ou an epi ou dwe okouran de Sistèm Alèt Ijans (EAS) ak Wireless Alèt Ijans (WEA) - ki egzije pou pa enskri.

Enskri pou resvwa dènye nouvèl yo nan imèl epi swive dènye direktiv yo sou koronavirus ki soti nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) ak otorite lokal ou yo pou anpeche pwopagasyon COVID-19.

Revize Dokiman Enpòtan yo

Asire w ke polis asirans ak dokiman pèsonèl tankou pyès idantite w yo ajou. Fè kopi epi mete yo nan yon espas dijital ki pwoteje ak yon modpas.

Ranfòse kay ou

Dezankonbre tiyo ak goutyè, rantre mèb ki deyò, konsidere panno tanpèt.

Prepare Teknoloji w

Toujou chaje telefòn selilè w lè w konnen gen previzyon siklòn epi achte yon aparèy de rechanj pou chaje elektwonik.

Ede Katye w

Tcheke vwazen yo, granmoun aje, oswa moun ki ka bezwen plis èd pou garanti plan siklòn yo pou wè ki jan ou ta ka ede lòt moun.

Fè Pwovizyon

Ou dwe gen ase pwovizyon pou tout moun lakay ou, fòk ou mete ladan medikaman, pwoswi dezenfektan, mask, pwovizyon pou bèt kay nan yon valiz tou pare oswa nan kòf machin ou. Apre yon siklòn, ou ka pa gen aksè a pwovizyon sa yo pandan plizyè jou oswa menm semèn. COVID-19

  • Lè w prepare sa pèmèt ou evite fè deplasman ki pa nesesè epi okipe w de pwoblèm medikal minè lakay ou, pou soulaje fado sant swen ijans ak lopital yo.
  • Sonje ke se pa tout moun ki gen mwayen pou achte pwodwi premye nesesite yo. Pou moun ki gen mwayen, achte sa ki esansyèl yo epi akimile yo tou dousman pou reyini pwovizyon yo alavans ap pèmèt ou gen yon tan ki pi long ant chak vwayaj nan makèt. Sa ap ede pwoteje moun ki pa t kapab achte bagay esansyèl yo anvan pandemi an epi yo vin oblije achte pi souvan. Anplis de sa, konsidere evite pwodwi WIC apwouve yo pou moun ki konte sou pwodwi sa yo ka gen aksè a yo.

Rete an sekirite pandan on siklòn

illustration of alert

Rete enfòme

  • Koute enfòmasyon ijans ak alèt yo.
  • Si w ap rete nan yon zòn kote evakyasyon obligatwa epi otorite lokal yo di w pou w evakye, fè sa imedyatman.
illustration of flood

Fè fas ak move tan

  • Detèmine ki jan pi bon pou w pwoteje tèt ou kont gwo van ak inondasyon.
  • Pran refij nan yon abri ki deziye pou tanpèt oswa nan yon chanm anndan ki ka sipòte gwo van. Fè repetisyon ale nan kote sa yo pandan w ap respekte dènye direktiv Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) ansanm ak eta epi otorite lokal ou pou anpeche pwopagasyon COVID-19. 
  • Si inondasyon bloke w anndan yon bilding, monte nan nivo ki pi wo nan bilding lan. Pa monte nan yon grenye ki fèmen. Dlo inondasyon k ap monte a ka bloke w.
  • Pa mache, naje, oswa kondwi nan dlo inondasyon. Vire tounen. Pa Nwaye! Sèlman sis pous yon dlo ki desann ka frape w atè, epi tou yon pye dlo k ap deplase ka charye machinn ou.
  • Evite pon ki sou dlo ki desann.
illustration of person wearing a mask

Sekirite Pèsonèl

  • Si w oblije ale nan yon refij kominotè oswa yon refij pou gwoup, sonje swiv dènye direktiv Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) pou pwoteje tèt ou ak fanmi w kont COVID-19. Akòz COVID-19 ki rann espas yo limite, si w pa abite nan yon zòn kote evakyasyon obligatwa, li rekòmande pou w abrite tèt ou lakay ou. Si w abite nan yon zòn kote evakyasyon obligatwa, pale ak zanmi ak fanmi w yo pou wè si ou ka refije w lakay yo avèk yo. Evakye al nan on refij sèlman si ou pa kapab abrite w lakay ou oswa avèk fanmi ou zanmi. Asire w ke ou revize plan evakyasyon ou te gen anavan an epi anvizaje lòt opsyon pou w ka respekte distansyasyon sosyal ak fizik pou anpeche pwopagasyon COVID-19, epi mete plan w la ajou kòmsadwa. COVID-19
  • Toujou kenbe omwen 6 pye ant ou menm ak moun ki pa fè pati fanmi pwòch ou pandan ou nan refij la [lè w evite foul moun oswa rasanble an gwoup] otank posib. COVID-19
  • Si ou oblije evakye, si sa posib, pote avèk ou atik ki ka ede pwoteje tèt ou ak lòt moun nan refij la kont COVID-19, tankou dezenfektan pou men, materyèl pou netwaye, ak de mask pou chak moun. Timoun ki poko gen 2 zan, moun ki gen pwoblèm pou respire, ak moun ki pa ka retire mask pou kont yo pa ta dwe mete yo.
  • Si w malad epi w bezwen atansyon medikal, kontakte pwofesyonèl sante pa w pou plis enstriksyon sou swen epi abrite w kote ou ye a, si sa posib. Si w gen yon ijans medikal, rele 9-1-1 epi fè operatè a konnen si w genyen, oswa si w panse w ta ka genyen COVID-19. Si sa posib, mete on mask anvan èd la rive. Si w rete nan on refij oswa on etablisman piblik, alète anplwaye refij la imedyatman pou yo ka rele on lopital oswa on klinik lokal.
  • Itilize jeneratris sèlman deyò epi lwen fenèt yo.

Retounen lakay apre on siklòn

  • Koute enfòmasyon ak enstriksyon espesyal ofisyèl lokal yo.
  • Fè atansyon pandan netwayaj la. Mete rad pwoteksyon, sèvi ak kachne oswa mask ki apwopriye si w ap netwaye mwazisi oswa lòt debri, epi kenbe yon distans fizik de omwen sis pye pandan w ap travay avèk yon lòt moun. Moun ki fè opresyon ak lòt pwoblèm poumon ak / oswa depresyon iminitè pa ta dwe antre nan bilding ki gen fwit dlo andedan yo oswa mwazisi k ap gwosi ke w ka wè oswa santi, menm si yo pa fè alèji avèk mwazisi. Timoun pa ta dwe patisipe nan travay netwayaj apre katastòf.
  • Kontinye pran prekosyon pou w ka pwoteje tèt ou kont COVID-19 ak lòt maladi enfeksyon, pa egzanp lave men w souvan epi netwaye sifas ke moun manyen souvan.
  • Mete rad pwoteksyon epi travay avèk yon lòt moun.
  • Pa manyen ekipman elektrik si li mouye oswa si w kanpe nan dlo. Si li san danje pou fè sa, fèmen elektrisite nan brekè prensipal la oswa bwat fizib yo pou anpeche chòk elektrik.
  • Evite patoje nan dlo inondasyon ki ka gen debri danjere. Fil kouran souteren oswa fil ki tonbe kapab mete kouran nan dlo a.
  • Sere apèl kout fil pou ijans yo. Sistèm telefòn yo souvan tonbe oswa okipe apre yon katastròf. Sèvi ak mesaj tèks oswa medya sosyal pou kominike avèk fanmi ak zanmi.
  • Fè foto tout domaj pwopriyete w la sibi pou ka dokimante yo. Kontakte konpayi asirans ou pou asistans.
  • Rete disponib pou fanmi, zanmi, ak vwazen ki ka bezwen yon moun pou pale de santiman yo. Anpil moun ka te deja gen laperèz ak anksyete akoz kowonavirus 2019 (COVID-19). Menas yon siklòn la ka ajoute plis strès. Swiv konsèy CDC pou jere strès pandan yon evènman twomatik ak jere estrès pandan COVID-19. Ou ka bezwen pale ak yon moun de santiman w yo tou. Ou pa bezwen pè yo kontakte zanmi, fanmi, oswa pwofesyonèl si w bezwen èd pou fè fas ak strès, anksyete, oswa tristès.

Videyo

Grafik

Fich Konsèy

Plis enfomasyon

Last Updated: 10/19/2020