Fòm ak Piblikasyon pa Lapòs Etazini

Ou Bezwen Pwodui pou Ranpli Deklarasyon Taks Ane 2019 Ou?

Ou kapab fè kòmand fòm taks, enstriksyon ak piblikasyon ou bezwen pou ranpli deklarasyon taks ou pou 2019 isit. Nou ap trete kòmand ou fè a epi ekspedye li pa mwayen lapòs Etazini lè pwodui yo vin disponib. Pifò pwodui yo dwe disponib disi fen mwa Janvye 2020 an.

Kijan pou Fè Kòmand

Pou kòmande yon pwodui, antre nimewo pwodui a oswa yon mo kle. Pa egzanp, si ou bezwen Fòm 2441, Depans nan Swen Timoun ak Depandan, ou kapab chèche tèm Fòm 2441 oubyen timoun oubyen depandan, etc. Rechèch ou fè a ap bay kòm rezilta yon lis pwodui ki koresponn a kritè rechèch ou yo. Tcheke bwat ki akote pwodui ke ou bezwen (yo).

Limit Kantite Yo

  • 100 pou chak kòmand fòm (yon kopi enstriksyon ki koresponn a chak fòm otomatikman ajoute)
  • Senk kopi pou chak kòmand enstriksyon ak piblikasyon ou fè
  • Si ou bezwen plis pase limit kantite anwo la yo, tanpri rele nan 800-829-3676 pou fè kòmand ou

    Kòmand ou a sipoze rive nan espas 10 jou ouvrab. Si yon pwodui pa disponib lè ou fè kòmand la, nou ap voye li kou l vin disponib. Tanpri piga ou fè yon lòt kòmand ankò.

NOTE BYEN: Yo ajoute sou Fòm 1040 ak nouvo Fòm 1040 SR (Deklarasyon Taks pou Pèsonaj) ane 2019 yo twa barèm adisyonèl. Fè Kòmand Fòm 1040 pou resevwa Fòm 1040, Fòm 1040 SR ansanm ak tou lè twa barèm yo.

Si ou se yon anplwayè oswa yon biznis epi ou bezwen kòmande deklarasyon enfòmasyon (tout fòm ki fè pati seri W-2, W-3, W-4, 1096, 1097, 1098, 1099, 3921, 3922, 5498, ak lòt pwodui), tanpri vizite Kòmand Sou Entènèt pou Deklarasyon Enfòmasyon ak Deklarasyon Anplwayè (an Anglè) pou soumèt yon kòmand.

Ou Bezwen Twouve yon Pwodui oubyen Fè yon Kòmand pa Telefòn?

Vizite paj Fòm ak Piblikasyon (an Anglè) pou telechaje pwodui oswa rele nan 800-829-3676 pou fè kòmand ou.