a dog next to a pet supply kit

Fason pou Pran Swen Bèt

Young woman with a small dog

 
Li Fè Sans Pou Prepare Bèt Domestik ou Pou Ijans.
Jwenn Videyo Embed kòd la oswaDownload Transkripsyon an isit la.

Si ou tankou anpil milyon pwopriyetè bèt kay nan peyi a, bèt kay ou se yon manm enpòtan kay ou. Malerezman, bèt yo afekte nan katastwòf la tou.

Chans pou oumenm ak bèt ou ap siviv nan yon ijans tankou yon dife oswa yon inondasyon, yon tònad oswa yon atak teworis depannde planifikasyon ou fè jodi a pou ijans lan. Kèk nan bagay ou kapab fè pou prepare pou sa ou pa atann, tankou rasanblaj yon twous rezèv pou bèt pou ijans ak devlopman yon sistèm youn ede lòt pou pran swen bèt kay, se menm bagay pou nenpòt ijans. Si ou deside pa deplase nan yon ijans, oswa si ou deside deplase pou ale yon kote ki pi pwoteje, w ap bezwen fè plan yo davans pou bèt kay ou. Toujou sonje sa ki pi bon pou ou anjeneral se sa ki pi bon pou bèt ou yo tou.

Si ou kite lakay ou,PA KITE BÈT KAY OU DÈYÈ! Anjeneral, bèt kay yo pa kapab siviv poukont yo, epi yo ta siviv pa chans, ou ka pa anmezi pou jwenn yon lè ou retounen.

Si ou prale nan yon refij piblik, li enpòtan pou konprann yo pa aksepte bèt yo andedan refij yo. Planifye davans pou lòt posiblite refij k ap bon pou oumenm ak pou bèt kay ou; konsidere moun oswa zanmi deyò ki zòn toupre ou ki ta kapab vle kite oumenm ak bèt ou vin lakay yo nan yon ijans.

Fè yon plan ranplasman pou ijans sizoka ou pa kapab pran swen bèt kay ou yo poukont ou. Devlope yon sistèm youn-ede-lòt avèk vwazen, zanmi oswa manm fanmi ou pou asire yon moun disponib pou pran swen bèt kay ou oswa pou deplase avèk yo si ou pa kapab fè sa. Prepare pou aji sanzatann ak pou itilize sa ou genyen anplas pou debouye ou poukont ou pandan omwen twa (3) jou, pètèt pi lontan.

Itilize Tiliv Enfòmasyon pou Mèt Bèt Kay ak Videyo ki Bay Enstriksyon sou Bèt Kay pou ede ou kreye yon plan pou ijans ak twous rezèv pou bèt kay ou.

Pou jwenn lòt enfòmasyon, tanpri kontakte Humane Society of the United States

Gid pou Bèt Kay

Planifye pou bezwen bèt kay yo pandan yon katastwòf depi ou:

  • Idantifye abri a. Pou rezon sante piblik, anpil abri pou ijans yo pa kapab aksepte bèt kay. Chèche jwenn motèl ak otèl ki nan zòn kote ou planifye pou ale ki aksepte bèt kay anvan ou bezwen yo. Gen yon kantite gid tou ki bay lis otèl/motèl ki bay pèmisyon pou vini avèk bèt kay, epi ki kapab sèvi kòm yon pwen kòmansman. Mete nimewo abri bèt lokal ou nan lis ou nimewo pou ijans ou. Yo ta ka anmezi pou ba ou enfòmasyon konsènan bèt kay pandan yon katastwòf.
  • Pote manje bèt la, dlo nan boutèy, medikaman, dosye veterinè, kaj/kivèt, kle pou louvri bwat alamen, asyèt pou manje, twous premye swen ak lòt rezèv sizoka yo pa disponib pita. Anvan ou tonbe nan yon sitiyasyon ijan, anvizaje mete rezèv nan yon twous "sivi bèt kay" ki ta ka deplwaye fasil si gen yon katastwòf.
  • Asire etikèt idantifikasyon yo ajou, epi asire yo tache solid nan kolye bèt kay ou. Si li posib, tache adrès ak/oswa nimewo telefòn sant deplasman ou. Si bèt kay ou pèdi, etikèt li se tikè pou retounen lakay ou.
  • Asire ou gen yon dènye foto bèt kay ou pou kapab idantifye li.
  • Asire ou gen yon panye transpò solid pou bèt kay ou, kòd oswa hanè pou bèt kay ou pou li pa sove si li ta panike.

Prepare Abri pou Bèt Kay ou.

Fè etap ki anba la yo pou prepare abri pou bèt kay ou:

  • Rele biwo jesyon ijans lokal ou, biwo abri pou bèt oswa biwo kontwòl bèt pou jwenn konsèy ak enfòmasyon.
  • Si ou pa kapab retounen lakay ou touswit, ou ka bezwen mete bèt kay ou nan pansyon. Chèche konnen kote sant pansyon bèt kay yo ye. Asire ou fè rechèch deyò zòn lokal ou sizoka sant lokal yo fèmen.
  • Pifò pansyon pou chen, veterinè ak abri bèt ap bezwen dosye medikal bèt kay ou pou asire li pran tout vaksen yo. Mete kopi yo nan twous rezèv pou "sivi bèt kay ou" ansanm avèk yon foto bèt kay ou.
  • Kèk abri bèt kay ap bay swen pwovizwa pou bèt moun posede nan moman katastwòf yo, men ou ta dwe anvizaje sa sèlman kòm yon dènye solisyon.
  • Si ou oblije kite bèt kay ou lakay ou, gen kèk prekosyon ou dwe pran, men sonje si ou kite bèt kay ou lakay ou poukont li sa kapab mete bèt ou nan yon gwo danje! Izole bèt kay ou nan yon zòn ki pwoteje andedan an - PA JANM kite bèt kay ou nan chèn deyò! Kite li lage andedan lakay ou avèk manje ak anpil dlo. Retire kouvèti tank twalèt la, leve kouvèti bòl twalèt la epi ranfòse pòt twalèt la louvri pou li kapab bwè.  Mete yon avi deyò a nan yon zòn ki vizib, pou fè konnen ki bèt kay ki andedan kay la ak kote li ye. Bay yon nimewo telefòn kote yo kapab jwenn ou oswa yon moun ou konnen ansanm avèk non ak nimewo telefòn veterinè ou.

Pwoteje Bèt Kay ou Pandan yon Katastwòf

  • Pote bèt kay ou andedan imedyatman.
  • Mache avèk jounal nan men ou pou rezon ijyenik. Bay bèt yo manje sa ki imid oswa sa ki nan bwat pou yo ka bezwen mwens dlo pou bwè.
  • Bèt yo gen ladrès pou konprann chanjman move tan yo, epi y ap izole tèt yo souvan si yo gen laperèz. Si ou mete yo andedan lakay ou bonè sa kapab anpeche yo kouri ale. Pa janm kite yon bèt kay deyò oswa mare pandan yon loraj
  • Separe chyen yo ak chat yo. Menmsi chyen ak chat ou yo antann yo nòmalman, gwo-gwo enkyetid yon sitiyasyon ijan kapab lakòz bèt kay yo aji san rezon. Kite ti bèt kay yo lwen avèk chat ak chyen yo.
  • Nan yon ijans, ou ka gen pou deplase avèk zwazo ou yo. Pale avèk veterinè ou oswa makèt bèt kay lokal ou sou distribitè manje espesyal ki kontwole kantite manje pou bay yon zwazo. Asire zwazo a nan kaj li, epi kaj la dwe kouvri avèk yon twal oswa dra mens pou bay sekirite ak limyè ki filtre.

Fason pou Pran Swen Bèt Kay ou Apre yon Katastwòf

  • Si apre yon katastwòf ou gen pou kite vilaj la, ale avèk bèt kay ou yo. Bèt kay yo pa gen chans pou siviv poukont yo.
  • Nan premye kèk jou apre katastwòf la, mare bèt kay ou nan kòd lè yo prale deyò. Toujou siveye yo deprè. Odè ak kote bèt la abitye ka chanje, epi bèt kay ou ka vin egare ak pèdi. Epitou, dlo inondasyon ka mennen koulèv ak lòt bèt danjere nan zòn inondasyon an. Liy kouran elektrik ki nan dlo inondasyon yo se yon danje.
  • Konpòtman bèt kay ou chanje apre yon ijans. Nòmalman bèt kay ki trankil ak amikal ka vin agresif oswa defansif. Siveye bèt yo anpil. Mare chyen yo epi mete yo nan yon lakou ki gen barikad kote li fasil pou jwenn abri ak dlo.

Gid pou go bèt yo

A woman with her horse

Si ou gen gwo bèt tankou cheval, betay, mouton, kabrit oswa kochon nan pwopriyete ou, asire ou prepare anvan yon katastwòf.

  • Asire tout bèt yo gen yon fòm idantifikasyon.
  • Deplase bèt yo kèlkeswa lè li posib. Pwograme wout primè ak wout segondè ou davans.
  • Mete disponib machin ak trelè ki nesesè pou pote ak sipòte chak kalite bèt. Epitou mete disponib dresè bèt ak chofè ki gen eksperyans. Nòt: Li pi bon pou kite bèt yo jwenn yon chans pou yo vin abitye nan vwayaj nan machin pou yo ka gen mwens laperèz ak pi fasil pou deplase.
  • Asire kote ou prale yo gen manje, dlo, swen veterinè ak ekipman manipilasyon.
  • Si deplasman pa posib, mèt bèt yo dwe deside si pou mennen gwo bèt yo nan abri oswa pou kite yo deyò.

Gid sou Tan Frèt pou Gwo Bèt yo

Lè tanperati yo desann anba zewo, mèt gwo bèt yo ak pwodiktè betay yo bezwen bay plis atansyon pou bèt yo. Prekosyon se kle pou trete ipotèmi, fwostbit ak lòt chòk betay yo pran nan tanperati frèt.

Fason pou asire betay yo jwenn sa ki anba la a pou ede yo pa gen pwoblèm ki asosye avèk tan frèt:

  • Abri
  • Anpil fouraj sèk pou izole manmèl ki gen lèt yo, pati jenital ak janm frajil nan tè konjle a ak nan van glasyal yo.
  • Abrivan pou kenbe bèt yo an sekirite nan kondisyon glasyal yo
  • Anpil manje ak dlo

Pran plis tan pou obsève betay yo, pou chèche premye siy maladi ak chòk. Gen chòk oswa lanmò ki asosye avèk tan frèt sevè sitou sou pi jèn bèt yo oswa bèt ki deja fèb yo. Gen ka lanmò toudenkou ki asosye avèk tan sou ti bèf souvan lè betay yo soufri avèk enfeksyon yo pa ka dekouvri tankou nemoni. Ou ta dwe mennen ankèt byen vit sou lanmò ak maladi ki fèt toudenkou ak san eksplikasyon sou betay yo yon fason pou kapab idantifye yon kòz epitou pou kapab pran mezi pou pwoteje rès bèt yo.

Bèt ki soufri avèk fwostbit pa montre yo gen doulè. Apeprè de (2) semèn ka pase anvan chòk la parèt aklè lè tisi ki domaje a kòmanse tonbe. Nan pwen sa a, ou ta dwe trete chòk la kòm yon maleng louvri, epi ou ta dwe konsilte yon veterinè.

Sitwèb Asosye

Last Updated: 10/07/2016