Unlit street light at night

Blakawout

Pi gwo blakawout nan istwa Etazini te rive nan dat 14 out 2003, lè te genyen apeprè 50 milyon moun ki pa t gen kouran elektrik. Kapab genyen blakawout nenpòt kilè, epitou pou nenpòt moun, kidonk li enpòtan pou prepare.

ANVAN YON BLAKAWOUT

Pou prepare pou yon blakawout, ou ta dwe fè sa ki anba la a:

  • Pou kòmanse prepare, ou ta dwe prepare yon twous rezèv pou ijansepi ou ta dwe fè yon plan kominikasyon pou fanmi ou.
  • Swiv mezi konsèvasyon enèji pou itilize mwens elektrisite otank posib, sa ki kapab ede konpayi enèji yo evite enpoze blakawout regilye.
  • Plen resipyan plastik avèk dlo, epi mete yo nan frijidè ak frizè si gen espas. Kite apeprè yon pous espas andedan chak, paske dlo a ap vin pi plis lè li konjle. Dlo ki frèt oswa ki konjle ap ede kenbe manje a frèt pandan yon blakawout pwovizwa, lè li deplase lè ki kapab chofe manje a vit avèk dlo oswa glas ki rete frèt pandan plizyè èdtan san refrijerasyon siplemantè.
  • Sonje ou kapab konsève pifò medikaman ki bezwen refrijerasyon nan yon frijidè ki fèmen pandan plizyè èdtan san pwoblèm. Si ou pa sèten, kontakte doktè ou oswa famasyen ou.
  • Kite tank gaz vwati ou plen a omwen mwatye, paske estasyon gaz yo depannde kouran elektrik pou fonksyone ponp yo.
  • Konnen kote levye deseraj manyèl ouvèti pòt garaj elektrik ou ye, ak fason pou opere li. Pòt garaj yo kapab lou, kidonk konnen ou ka bezwen èd pou leve li.
  • Kenbe yon kle kay ou sou ou si ou itilize garaj la kòm premye mwayen pou antre lakay ou, sizoka pòt garaj la p ap louvri. 

Moun Andikape epi ki Gen Lòt Pwoblèm Aksè epi Fonksyonèl

  • Rele konpayi enèji ou anvan gen blakawout regilye si ou itilize yon chèz-woulant ki fonksyone avèk batri, sistèm sipò fonksyon vital oswa lòt ekipman. Anpil konpayi sèvis piblik konsève yon lis ak yon kat jewografik zòn kliyan ki depannde enèji pou sizoka gen yon ijans. Mande yo ki lòt mwayen ki disponib nan zòn ou. Kontakte depatman sèvis kliyan konpayi sèvis piblik zòn ou pou konnen si sèvis sa a disponib nan kominote ou.
  • Ou dwe gen yon batri siplemantè si ou itilize yon chèz-woulant ki gen motè oswa yon eskoutè. Ou kapab itilize yon batri machin tou avèk yon chèz-woulant, men batri a p ap dire anpil tan menm jan avèk yon batri chèz-woulant ki gen anpil chaj elektrik. Si li disponib, ou dwe gen yon chèz-woulant manyèl ki lejè pou sipò.
  • Ou dwe genyen yon òlòj ki gen pale oswa ki ekri an Bray oswa yon òlòj ki gen gwo ekriti avèk pil siplemantè si ou avèg oswa si ou gen andikap vizyèl.
  • Anvizaje achte yon ti televizyon pòtatif ki fonksyone avèk pil si ou soud oswa si ou gen pwoblèm pou tande. Emisyon sou ijans yo ka bay enfòmasyon nan Langaj Siy Ameriken (ASL) oswa sou-titraj vizib.

PANDAN YON BLAKAWOUT

  • Itilize flach sèlman pou ekleraj nan yon ijans. PA JANM itilize bouji pandan yon blakawout oswa lè pa gen kouran akòz gwo-gwo risk pou gen dife.
  • Kite pòt frijidè ak frizè ou fèmen pou kenbe manje ou fre otank posib. Si ou dwe manje sa ki te nan frijidè oswa nan frizè, tcheke li avèk anpil prekosyon pou wè si manje a gate.
  • Fèmen oswa dekonekte aparèy menaje yo, ekipman (tankou è-kondisyone) oswa aparèy elektwonik k ap itilize lè pa t gen kouran an. Kouran an ka retounen nenpòt lè avèk "elan" oswa "avèk fòs" ki kapab domaje òdinatè yo ak motè ki nan aparèy menaje tankou è-kondisyone, frijidè, machin-a-lave oswa founo.
  • Pa limen yon dèlko andedan yon kay oswa garaj.
  • Pa konekte yon dèlko nan sistèm elektrik yon kay. Si w ap itilize yon dèlko, konekte ekipman ou vle itilize a dirèkteman nan priz-kouran ki nan dèlko a.
  • Koute estasyon radyo lokal ak yon televizyon ki fonksyone avèk pil oswa dèlko pou jwenn dènye enfòmasyon yo.
  • Kite yon limyè limen pou ou kapab konnen lè kouran an retounen.
  • Itilize yon konbine telefòn nòmal, yon telefòn selilè, yon radyo oswa yon bipè si telefòn ou bezwen elektrisite pou fonksyone, menm jan avèk telefòn san fil yo machin repondè yo. Itilize telefòn nan pou ijans sèlman. Koute yon radyo pòtatif pou jwenn dènye enfòmasyon yo.
  • Pa rele 9-1-1 pou mande enfòmasyon—rele sèlman pou rapòte yon ijans ki menase lavi moun. Itilize telefòn nan pou ijans ki menase lavi moun sèlman.
  • Fè etap pou rete frèt si li fè cho deyò a. Nan gwo chalè lè pa gen kouran pandan lontan, anvizaje ale nan yon sal sinema, sant komèsyal oswa "abri pou refwadisman" ki ka louvri nan kominote ou. Si ou rete lakay ou, ale nan etaj ki pi ba nan kay la, paske se la gen lè ki fre. Mete rad ki lejè epi ki gen koulè pal. Bwè anpil dlo; menmsi ou pa santi swaf.
  • Mete kouch rad cho si li fè frèt deyò a. Pa janm boule chabon pou chofaj andedan kay la oswa pa janm kwit manje andedan kay la. Pa janm itilize fou ou kòm sous chofaj. Si ka gen blakawout pandan yon peryòd tan ki long, planifye pou ale yon lòt kote (kay yon manm fanmi oswa yon zanmi, oswa yon bilding piblik) ki gen chofaj pou kenbe ou cho.
  • Bay bèt kay ou bwè anpil dlo fre ak frèt.
  • Elimine deplasman ki pa nesesè, sitou nan vwati. Limyè sikilasyon an ap sispann travay pandan yon blakawout, sa k ap kreye blokis. 
  • Sonje ekipman tankou machin gichè otomatik (ATM) yo ak asansè yo ka pa travay pandan yon blakawout

Fason pou Itilize yon Dèlko

  • Chèche konsèy yon pwofesyonèl ki gen lisans, tankou yon elektrisyen si ou anvizaje gen yon dèlko. Asire dèlko a endike nan lis Underwriter's Laboratories oswa nan lis yon òganizasyon sanblab. Kèk minisipalite, Distri Kalite Lè, oswa eta yo gen obligasyon pou gen "pèmi kalite lè." Yon elektrisyen lisansye ap kapab ba ou plis enfòmasyon sou zafè sa yo.
  • Planifye pou tout kite dèlko ou deyò—pa janm opere li andedan kay la, ni nan sousòl la oswa ni nan garaj la. Pa konekte yon dèlko dirèkteman nan enstalasyon elektrik lakay ou. Bagay ki pi bon pou fè se konekte ekipman ou vle itilize a dirèkteman nan priz-kouran ki nan dèlko a.

APRE YON BLAKAWOUT

Jete manje ki pa bon:

  • Jete nenpòt manje ki te ekspoze nan yon tanperati 40° F (4° C) pandan 2 èdtan oswa plis oswa ki gen yon odè, koulè oswa teksti dwòl. Lè ou pa sèten, jete manje a!
  • Pa janm goute manje oswa pa janm kwè nan aparans oswa odè a pou detèmine sekirite sanitè manje a. Kèk manje ka sanble ak santi bon, men yo te nan tanperati nòmal twò long, bakteri ki lakòz maladi moun pran nan manje kapab kòmanse devlope nan manje a byen vit. Kèk kalite bakteri pwodui toksin ki pa kapab detwi lè ou kwit manje a.
  • Si manje ki nan frizè a pi frèt pase 40° F epi si li gen kristal glas sou li, ou kapab mete li nan frizè ankò.
  • Si ou pa sèten manje frèt ase, pran tanperati li avèk yon tèmomèt manje. Jete nenpòt manje (vyann, vyann bèt volay, pwason, ze ak rès manje) ki te ekspoze nan tanperati ki depase 40° F (4° C) pandan 2 èdtan oswa plis tan, ak nenpòt manje ki gen yon odè, koulè oswa teksti dwòl, oswa ki sanble cho lè ou manyen li.

Rekòmandasyon pou Konsèvasyon Enèji

Pou konsève enèji epi pou ede ou evite yon blakawout, swiv rekòmandasyon sa yo ki sòti nan endistri enèji a:

  • Fikse tèmosta ou a 68 degre oswa pi ba nan sezon livè, epi a 78 degre oswa pi wo nan sezon lete. (Yon reglaj a 75 degre itilize 18 pousan elektrisite anplis, epi yon reglaj a 72 degre itilize 39 pousan elektrisite anplis. Yon reglaj a 78 degre ap prevwa refwadisman ase pandan w ap toujou konsève kouran elektrik la.) Anvizaje enstale yon tèmosta ki ka pwograme pou ou kapab fè founo ou oswa è-kondisyone ou fonksyone sèlman lè ou lakay ou. Pifò kouran an pase nan chofaj ak refwadisman, kidonk si ou ajiste tanperati ki sou tèmosta ou sa ap reprezante pi gwo mezi konsèvasyon enèji ou pran.
  • Itilize yon è-kondisyone sèlman lè ou lakay ou. Si ou vle refwadi yon chanm anvan ou rive lakay ou, fikse yon minitè pou fè li chanje egzakteman demi-èdtan anvan ou rive lakay ou.
  • Itilize sèlman aparèy menaje ki gen gwo chaj elektrik yo (machin pou lave veso, machin lesiv, sechwa) bonè nan maten oswa byen ta nan aswè.
  • Pa fikse tèmosta a nan yon reglaj ki pi frèt pase nòmal la lè w ap limen è-kondisyone ou. Sa p ap refwadi kay ou pi vit, epitou sa kapab lakòz depans pou enèji ki pa nesesè ak ogmantasyon depans ou.
  • Louvri rido ak fasad sou fenèt ki bay sou direksyon sid pandan lajounen nan sezon livè pou pèmèt solèy cho antre lakay ou. Fèmen yo lannwit pou diminye fredi a. Kite kouvèti fenèt yo fèmen pandan lajounen nan sezon lete.
  • Netwaye oswa ranplase filtè founo ak filtè è-kondisyone yo souvan. Filtè sal yo anpeche lè sikile byen, epi yo lakòz ou itilize enèji a pi plis.
  • Netwaye rejis chemine ki gen lè cho, radyatè chofaj ak radyatè yo jan li nesesè; asire mèb, kapèt oswa rido pa bloke yo.
  • Etenn limyè yo, aparèy menaje yo, ak òdinatè yo lè ou p ap itilize yo. Pa itilize yon "ekonomizè ekran nan ekran òdinatè ou. Senpleman etenn ekran an lè ou p ap itilize òdinatè a pou yon moman. Mete òdinatè yo, ekran yo, enprimant yo, ak machin fotokopi yo nan fonksyon ekonomi enèji yo, epi etenn yo leswa. Lè ou fèmen ak limen yon ekipman enfòmatik, sa pa domaje li ankò.
  • Fèmen fenèt yo lè sistèm chofaj la oswa refwadisman an limen.
  • Mastike fenèt yo ak pòt yo pou pa kite lè gen fuit, epitou ranplase ansyen fenèt yo avèk fenèt tounèf ki efikas nan enèji.
  • Achte aparèy menaje ak limyè ki efikas nan enèji. Chèche etikèt ENERGY STAR®. ENERGY STAR® se yon pwogram Depatman Enèji Etazini (DOE) ak Ajans Pwoteksyon Anviwònman (EPA) ki la pou ede konsomatè yo idantifye aparèy menaje ak pwodui ki efikas nan enèji.
  • Diminye "fuit enèji" nèt. Anpil televizyon, aparèy video, chajè, akseswa òdinatè ak lòt aparèy menaje itilize elektrisite menm lè ou "etenn" yo. "Pèt enèji nan repo" sa yo kapab ogmante. Si li posib, deploge aparèy elektwonik ak chajè ki gen yon transfòmatè an fòm blòk nan plòg la lè ou p ap itilize yo.
  • Konekte epi fèmen tiyo chemine a si ou pa jan itilize chemine a.Kite rejis chemine ou fèmen sof si ou limen dife ladan. Si ou kite rejis chemine a louvri se tankou ou kite yon fenèt ki mezire 48 pous louvri pandan sezon livè—sa ap pèmèt lè cho ale dirèkteman nan chemine a.
  • Vlope aparèy chofaj dlo a avèk yon anvlòp izolan, ki disponib nan pifò magazen k ap vann materyèl pou bilding an detay.
  • Lave sèlman chaj rad ki konplè, epi netwaye filtè sechwa a apre chak itilizasyon. Itilize dlo reglaj pou dlo frèt nan machin pou lave rad ou lè ou kapab. Si ou itilize dlo frèt sa ap redui itilizasyon enèji machin lesiv ou a 75 pousan.
  • Lave chaj konplè veso nan machin pou lave veso yo, epi itilize sik "fasil" la. Si li posib, itilize sik "rense sèlman", epi fèmen chwa rense "tanperati wo" a. Lè sik lavaj regilye a fini, louvri pòt machin pou lave veso a pou kite veso yo seche nan lè a.
  • Ranplase anpoul enkandesan yo avèk ti limyè fliyoresan ki efikas nan enèji.
  • Itilize yon gwo anpoul alaplas plizyè ti anpoul.

Plis Enfòmasyon

SITWÈB KI ASOSYE

Ale sou Entènèt nan sitwèb ki anba la yo pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou yon loraj ak sou fason pou konnen resous ki disponib yo:

KOUTE OFISYÈL LOKAL YO

Aprann kichòy sou plan pou ijans gouvènman eta a ak gouvènman lokal kreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstwiksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.

Last Updated: 08/04/2017