Si ou se yon kontribyab endividyèl, ou ka gade : Balans pou w peye, mizajou pou jou aktyèl nan kalandriye a Detay Balans ou pa Ane Istorik pèman w ak pèman regilye oswa an atant Enfòmasyon kle nan dènye deklarasyon enpo ou te fè Detay sou plan pèman w, si ou gen yonn Seleksyone avi IRS yo Ou kapab tou : Fè yon pèman anliy Gade opsyon pèman anliy yo epi fè demann yon plan via akò pèman Anliy lan Ale nan Jwenn Transkripsyon pou w gen Aksè ak Dosye Fiskal ou yo Silvouplè, remake : Balans ou ap ajou pandan plis pase yon sèl fwa nan 24 è, dabitid nan lannwit. Chèk oswa pèman pou kòmand lajan ka pran jiska 3 semenn pou yo parèt sou kont ou. Kreye oswa ale sou kont ou (an Anglè) Verifye Estati Pèman Enpak Ekonomik ou Gade Eta Estimili w nan Pèman Enpak Ekonomik (an Anglè). Zouti sa disponib nan lè sa yo: Lendi 6:00 a.m. pou Samdi 9:00 p.m. ET Dimanch 10 :00 a.m. pou minwi (Pi ta toujou, nan kèk okazyon, pou antretyen) Aksesiblite Gen pwoblèm konpatiblite avèk teknoloji pou asistans yo. Ale nan gid aksesiblite (an Anglè) a pou ou jwenn èd si w ap itilize yon lektè ekran, yon loup oswa yon lojisyèl a kòmann vokal. Avi : Itlizatè iOS11, macOS10.12, ak macOS10.13VoiceOver yo ka rankontre kèk difikilte lè y ap ouvri aplikasyon an. Si sa rive w, silvouplè ale nan seksyon « Lòt fason pou w konnen konbyen ou dwe » Lòt fason pou w konnen konbyen ou dwe Si ou se yon antrepriz, oswa yon endividyèl ki te depoze yon fòm ki pa t Fòm 1040 lan, ou ka jwenn yon transkripsyon lè w ou soumèt Fòm 4506 T, Demann pou Transkripsyon pou Deklarasyon Enpo (an Anglè). Kontribyab Endividyèl ki te depoze yon Fòm 1040, 1040A oswa 1040EZ ka fè demann yon Transkripsyon Kont yo. Silvouplè, n ap remake Transkripsyon Kont kouvri sèlman yon lane fiskal, e li ka pa montre dènye pennalite yo, dènye enterè yo, dènye chanjman yo, oswa aksyon ki annatant yo. Jwenn Plis Asistans. Enfòmasyon Konèks Apèl Avi ak Bil, Pennalite, ak Chaj Enterè nan Sijè Nimewo 653 IRS la (an Anglè) Ou bezwen Peye? Gade opsyon pèman ou yo. E Si Mw Pa Peye? Nou ka antreprann yon seri aksyon pou koleksyone taks ou pa peye yo. Pran plis ransèyman sou rekouvreman taks e dwa legal ou genyen (an Anglè)