Kisa pou m fè pou renouvle ITIN mwen?

Ou dwe soumèt yon Fòmilè W-7, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Kontribyab IRS okonplè, ak tout dokiman idantifikasyon egzijib yo bay IRS. Ou pa bezwen yon deklarasyon enpo pou yon aplikasyon renouvèlman, sepandan si w oblije fè yon deklarasyon enpo ou dwe soumèt deklarasyon enpo a ansanm avèk aplikasyon renouvèlman an pou anpeche yon reta nan ranbousman w lan. Tout manm fanmi yo te bay yon ITIN ka soumèt yon Fòmilè W-7 menm lè.

Asire w ke ou anekse tout dokiman idantifikasyon ki egzijib yo jan yo endike l nan Règ Revize pou Aplikasyon  an. Y ap aksepte sèlman dokiman idantifikasyon orijinal yo oswa kopi sètifye dokiman yo ki soti nan ajans ki emèt yo a.

Gade nan seksyon Kesyon Moun Poze Souvan an konsènan ekspirasyon ITIN yo.

Ki kote pou mwen aplike pou m renouvle ITIN mwen?

Opsyon 1

Poste Fòmilè W-7, deklarasyon enpo, prèv sou idantite ak dokiman kondisyon kòm etranje yo nan:

Internal Revenue Service
Austin Service Center
ITIN Operation
P.O. Box 149342
Austin, TX 78714-9342

N ap retounen dokiman idantifikasyon w yo sou 60 jou. Voye aplikasyon w lan bannou bonè pou evite reta nan tretman pwochen deklarasyon enpo w la.

Opsyon 2

Aplike pou yon ITIN an pèsòn atravè sèvis yon Ajan Sètifye IRS otorize pou Aksepte Aplikasyon. Sa pral evite ke w poste prèv idantite w ak dokiman sou kondisyon w kòm etranje w yo.

Opsyon 3

Pran yon randevou nan yon Sant Asistans pou Kontibyab IRS ke yo deziyen. Sa evite tou ke w poste prèv idantite w ak dokiman sou estati kòm etranje w yo.

Apre yo fin trete dosye w la, IRS pral emèt yon ITIN pa lapòs.