A mother and daughter look at a map and plan an evacuation route

Evakye Tèt ou ak Fanmi ou

Pano sou wout pou Trajektwa Ouragan oswa pou sikilasyon nan sans envèsDeplasman yo pi komen pase jan moun yo rekonèt sa. Dife ak inondasyon lakòz moun deplase pi souvan nan Etazini, epi prèske chak ane, moun k ap viv toutolon litoral yo deplase lè ouragan yo ap pwoche. Answit, anpil santèn fwa chak ane, aksidan nan sèvis transpò ak aksidan endistriyèl degaje sibstans nuizib, sa ki fòse anpil moun kite kay yo.

Nan kèk sikonstans, ofisyèl lokal yo ap deside si danje a grav pou yo oblije moun yo deplase. Nan lòt sikonstans yo, ofisyèl yo ap mande pou moun yo deplase oswa moun yo ap deside pou deplase pou evite sitiyasyon yo kwè ki ka danjere. Lè li nesesè pou kominote a deplase, ofisyèl lokal yo ap bay enfòmasyon pou piblik la nan medya yo. Nan kèk sikonstans, yo itilize lòt metòd avètisman, tankou sirèn, alèt nan tèks, imèl oswa apèl nan telefòn.

Kantite tan ou genyen pou deplase ap depannde danje a. Sizoka gen yon move tan, tankou yon ouragan, ou ta ka gen yon jou oswa de (2) jou pou pare. Men, anpil katastwòf p ap bay tan pou moun rasanble menm pwodui premye nesesite yo, sa ki fè li enpòtan pou planifye davans.

Planifye fason w ap rasanble fanmi ou ak rezèv ou yo, epi prevwa kote ou prale pou diferan sitiyasyon yo. Chwazi plizyè kote pou ale nan diferan direksyon pou ou kapab gen chwa nan yon ijans epitou pou ou kapab konnen wout deplasman yo pou ale nan kote sa yo.

 Gid pou Deplasman

Ka gen kondisyon kote w ap deside deplase, oswa ka gen sitiyasyon lè ou jwenn lòd pou deplase. Swiv gid sa yo pou deplasman ou:

  • Planifye kote fanmi ou ap rankontre, alafwa andedan ak deyò katye imedyat ou. Itilize Plan Fanmi pou Ijans pou deside pou ale kote sa yo anvan yon katastwòf.
  • Si ou gen yon vwati, kite tank gaz la plen ladan pou si ou ta gen pou deplase. Kite yon mwatye tank gaz ladan toutan pou sizoka ou bezwen deplase sanzatann. Estasyon gaz yo ka fèmen pandan ijans yo, epi yo pa kapab ponpe gaz lè gen blakawout. Planifye pou deplase avèk yon sèl vwati pou chak fanmi pou evite blokis ak reta.
  • Vin abitye ou avèk lòt wout ak lòt mwayen transpò deyò zòn ou. Chwazi plizyè kote pou ale nan diferan direksyon pou ou kapab gen plizyè chwa nan yon ijans.
  • Deplase bonè ase pou pa bloke nan move tan.
  • Swiv wout deplasman yo rekòmande yo. Pa fè wout koupe; yo ka bloke.
  • Montre ou vijilan pou danje ki sou wout la tankou wout oswa pon ki kraze anba dlo ak liy kouran ki nan dlo. Pa kondi nan zòn ki inonde yo.
  • Si ou pa gen yon vwati, planifye kijan ou prale si ou dwe fè sa. Fè aranjman avèk fanmi ou, zanmi ou oswa gouvènman lokal ou.
  • Ale avèk twous rezèv pou ijans ou, sof si ou gen rezon pou kwè li kontamine.
  • Koute yon radyo ki fonksyone avèk pil, epi swiv enstwiksyon lokal yo pou deplase.
  • Ale avèk bèt kay ou, men sonje yo ka aksepte sèlman bèt gid nan abri piblik yo. Planifye kijan w ap pran swen bèt kay ou nan yon ijans.

Si gen bon tan:

  • Rele oswa imèlmoun ou genyen nan lòt eta nan plan kominikasyon fanmi ou. Fè yo konnen kote ou prale.
  • Pwoteje kay ou. Pou fè sa, fèmen ak take pòt yo ak fenèt yo.
  • Deploge ekipman elektrik tankou radyo, televizyon ak ti aparèy menaje. Kite frizè ak frijidè yo konekte sof si gen yon risk pou inondasyon. Si gen domaj nan kay ou epi si ou jwenn enstwiksyon pou fè sa, fèmen dlo a, gaz la, ak kouran elektrik la anvan ou ale.
  • Kite yon nòt pou fè lòt moun yo konnen ou te ale ak kote ou prale a.
  • Mete soulye solid ak rad k ap ba ou pwoteksyon tankou pantalon long, chemiz manch long ak yon kepi.
  • Tcheke vwazen yo ki ka bezwen yon woulib.

Last Updated: 10/07/2016