Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Peyè Taks

Rapèl Enpòtan

  • ITIN ou an ka ekspire avan ou soumèt yon deklarasyon taks an 2021. Tout ITIN ki pa sèvi sou yon deklarasyon taks federal omwen yon fwa pandan twa dènye ane ki sot pase yo pral ekspire nan dat 31 desanm 2020. Anplis, tout ITIN ki soti avan 2013 yo ki gen chif nan mitan yo ki se 88 (Pa egzanp: (9XX-88-XXXX) pral ekspire nan fen ane a. Sila yo ki gen chif nan mitan ki se 90, 91, 92, 94, 95, 96, 97, 98, oswa 99 yo te bay moun avan ane 2013 la epi ki pako renouvle toujou, yo ap ekspire tou nan fen ane sa a.
  • Si ou dwe ranpli yon deklarasyon taks an 2020, IRS rekòmande pou soumèt yon Fòm W-7, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl nan IRS, oswa Fòm W-7(SP), Demand pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl nan Sèvis Revni Entèn (an Anglè), kounye a pou renouvle ITIN ou. N ap fè w sonje, ou kapab renouvle tou ITIN ki gen chif mitan yo ki se 70, 71, 72, 73, 74, 75, 76, 77, 78, 79, 80, 81, 82, 83, 84, 85, 86, oswa 87 ki ekspire an 2016, 2017, 2018, oswa 2019.
  • Gade nan Fèy Enfòmasyon sou ITIN (an Anglè) PDF nan pou plis enfòmasyon
  • Ansanm avèk Fòm W-7 ou a, w ap dwe:
    • anekse dokiman idantifikasyon yo oswa kopi sètifye yo ke ajans emetè a bay ak nenpòt lòt atachman egzijib.
    • seleksyone rezon ki fè ou bezwen ITIN nan jan yo dekri l nan enstriksyon sou Fòm W-7 la ak W-7 (SP) a.
       

      Note Byen: Jeneralman, ou pa oblije soumèt yon deklarasyon taks lè ou fè yon aplikasyon pou renouvèlman. Sepandan, konjwen ak depandan pa ka renouvle alavans. Yo kapab renouvle ITIN pa yo sèlman lè y ap soumèt yon deklarasyon taks endividyèl, oswa yon lòt moun soumèt yon deklarasyon taks endividyèl kote li reklame yo pou yon avantaj taks ki akseptab (tankou yon paran ki depann de kontribyab prensipal la, sa ki pèmèt kontribyab prensipal la kalifye pou deklare tèt li kòm chèf kay la nan kondisyon fiskal li).

Kisa yon ITIN ye?

Yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl (ITIN) se yon nimewo ki pèmèt yo regle koze taks, epi se Sèvis Revni Entèn ki bay li. IRS fè sòti ITIN pou moun ki gen obligasyon pou yo genyen yon nimewo idantifikasyon kontribyab Etazini men ki pa gen youn, epi yo pa ranpli kondisyon (an Anglè) pou yo resevwa, yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) nan men Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA) (an Anglè).

Kisa yon ITIN itil moun?

IRS bay ITIN pou ede moun respekte lwa taks peyi Etazini, epi pou yo ka bay moun ki pa ranpli kondisyon (an Anglè) pou nimewo Sekirite Sosyal yo yon mwayen pou yo soumèt epi pwouve deklarasyon taks ak pèman yo. Yo bay moun nimewo sa a san gade nan ki kondisyon imigrasyon li ye, paske ni etranje ki rezide ni sa ki pa rezide kapab twouve yo nan obligasyon pou yo fè yo deklarasyon taks Ozetazini oswa bay rapò selon Kòd Revni Entèn lan. ITIN pa sèvi okenn lòt objektif eksepte pou ede moun bay rapò taks federal yo.

Yon ITIN pa:

  • Otorize pèsonn travay nan peyi Etazini.
  • Bay moun kalifikasyon pou yo resevwa lajan Sekirite Sosyal
  • Bay yon depandan okenn kalifikasyon pou Rezon ki an rapò ak Kredi Taks sou Revni ou Antre

Eske mwen bezwen yon ITIN?

Eske kondisyon nou pral site la yo aplikab pou ou menm?

  1. Ou pa gen okenn SSN epi ou pa ranpli kondisyon (an Anglè) pou resevwa youn, epi
  2. Ou gen obligasyon pou bay yon nimewo idantifikasyon fiskal federal oswa pou soumèt deklarasyon taks federal ou, epi
  3. Ou fè pati youn nan kategori moun nou pral site la yo.
  • Etranje ki pa rezide ki gen obligasyon pou li soumèt yon deklarasyon taks peyi Etazini
  • Etranje ki rezide Ozetazini ki ap (selon kantite jou li prezan nan peyi Etazini) soumèt yon deklarasyon taks peyi Etazini
  • Moun ki depann oswa marye ak yon sitwayen Ameriken oubyen ak yon etranje ki rezide
  • Moun ki depann oswa marye ak yon etranje ki pa rezide men ki gen viza
  • Etranje ki pa rezide ki ap reklame avantaj yon akò fiskal
  • Yon etidyan, oswa pwofesè oswa yon chèchè syantifik ki pa rezide ki ap soumèt yon deklarasyon taks peyi Etazini oswa reklame eksepsyon
     

    Si se sa vre, alò w oblije fè demand pou yon ITIN.

Èske se pou mwen renouvle ITIN mwen?

Si w dwe ranpli yon deklarasyon enpo an 2020 e ITIN ou an ekspire avan w ranpli deklarasyon an an 2020, nou rekòmande pou w soumèt yon aplikasyon renouvèlman kounye a pou evite posiblite reta nan tretman deklarasyon enpo w la. Si w itilize yon ITIN ki ekspire sou deklarasyon enpo ameriken w lan, yo pral trete l ak travay sou li selon lè w soumèt li a, men san okenn egzanpsyon ak/oswa kredi ou reklame e yo pap peye okenn ranbousman lè sa a. Ou pral resevwa yon avi k ap esplike reta k ap genyen pou nenpòt ranbousman e ke ITIN lan ekspire.