U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

plow clears snow during a storm

Tanperati Ivè

Prepare pou Tan Ivè

Rete Ansekirite Pandan

Kontni ki gen rapò

Tanpèt ivè kreye yon risk ki pi elve pou aksidan veyikil, ipotèmi, fredi, pwazon monoksid kabòn, ak kriz kadyak akoz twòp efò. Tanpèt ivè gen ladann tanpèt ki kapab pote fredi ekstrèm, lapli nèj, nèj, glas ak gwo van.

Yon tanpèt ivè ka:  

feature_mini img

Dire kèk èdtan oswa plizyè jou.

feature_mini img

Koupe chofaj, elektrisite ak sèvis kominikasyon.

feature_mini img

Mete granmoun, timoun, moun malad ak bèt kay nan pi gwo risk.

Kijan pou Pwoteje Tèt ou kont Move tan Ivè

SI OU ANBA YON AVÈTISMAN TANPÈT IVÈ, JWENN YON ABRI IMEDYATMAN

Konnen kondisyon meteyolojik ivè ou:

Avètisman Tanpèt Ivè

Pibliye lè move tan danjere sou fòm gwo nèj, lapli glase, oswa gwo nèj iminan oswa ki rive. Avètisman Tanpèt Ivè pibliye jeneralman 12 a 24 èdtan anvan evènman an prevwa pou l kòmanse.

Siveyans Tanpèt Ivè

Avèti piblik la sou posiblite yon tanpèt nèj, gwo nèj, lapli konjele, oswa gwo nèj. Yo pibliye siveyans tanpèt ivè 12 a 48 èdtan anvan kòmansman yon Tanpèt Ivè.

Konsèy sou Move Tan Ivè

Pibliye pou akimilasyon nèj, lapli konjle, farinaj glas, ak grezil sa ki pral lakoz gwo deranjman e, si ou pa pran prekosyon, li kapab Mennen nan sitiyasyon kap menase lavi.  

Konnen Risk ou pou  Tanpèt Ivè

Fè atansyon sou rapò meteyolojik ak avètisman sou move tan konjele ak tanpèt ivè. Koute enfòmasyon ak avètisman pou ijans. Enskri nan sistèm avètisman kominote ou an. Sistèm Avètisman Ijans (EAS) ak Administrasyon Nasyonal Atmosferik ak Oseyanik [National Oceanic and Atmospheric Administration (NOAA) Radyo Meteyolojik [Weather Radio] bay avètisman ijans tou.

Prepare pou Tanperati Ivè

Prepare kay ou pou kontwole fredi a avèk ensilasyon,sele fant yo ak revètman pou fredi. Aprann kijan pou kenbe tiyo yo pou yo pa konjle. Enstale ak teste alam lafimen ak detektè monoksid kabòn avèk batri sekou. Rasanble pwovizyon sizoka ou ta bezwen pou rete lakay ou pandan plizyè jan san kouran.  Kenbe nan lespri w bezwen spesifik chak moun, enkli medikaman. Sonje bezwen bèt kay ou yo. Kenbe batri siplemantè pou radio ak flach. Si ou pa ka peye pou depans chofaj ou, klimatizasyon oswa reparasyon ki gen rapò avèk enèji, kontakte Pwogram Asistans Enèji pou moun ki gen revni fèb [Low Income Home Energy Assistance Program (LIHEAP)] pou w jwenn èd.

Nan Ka yon Ijans

Prepare pou move tan ivè lakay ou, nan travay ak nan veyikil ou.  Kreye yon twous ijans pou veyikil ou. Enkli kab demaraj, sab, yon flach, rad cho, kouvreli, boutèy dlo ak ti goute ki pa p gate. Kenbe yon rezèvwa plen gaz.

Maladi Viris Kowona 2019 (COVID-19)

Enskri pou resevwa imèl ajou  sou viris kowona nan Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi [Centers for Disease Control and Prevention (CDC)]. Aprann sentòm COVID-19 epi swiv direktiv CDC. Si ou kapab mete apa, atik tankou savon, dezenfektan pou men ki gen ladann omwen 60 pousan alkòl, ti sèvyèt dezenfektan mouye, ak pwodui netwayaj jeneral ou ka itilize pou dezenfekte sifas ou manyen souvan yo

Rete Ansekirite pandan Tan Ivè

alert - warning

Evite anpwazonman monoksid kabòn. Itilize sèlman dèlko ak griy deyò ak lwen fenèt yo. Pa janm chofe kay ou avèk yon fou a gaz oswa recho.

  • Nan mezi kote sa posib, evite wout yo.  Si ou bloke nan veyikil ou, rete andedan.
  • Limite tan ou pase deyò.  Si ou bezwen ale deyò, mete rad ki cho. Siveye pou siy fredi ak ipotèmi nan kò w.
  • Redwi risk kriz kadyak lè ou evite anpil efò lè wap pele nèj ak mache nan nèj la.

Aprann siy, ak tretman debaz pou fredi ak ipotèmi.

feature img

Fredi koze pèt sansasyon ak koulè bò kote figi, dwèt ak zòtèy.

  • Siy: Angoudisman, po blan oswa gri-jòn, po fèm oswa sire -.
  • Aksyon: Ale nan yon chanm ki cho. Tranpe dlo tyèd. Itilize chalè kò a pou chofe. Pa fè masaj oswa itlize yon tanpon chofan.
feature img

Ipotèmi  se yon tanperati kò ki pa nòmal. Yon tanperati ki anba 95 degre se yon ijans.

  • Siy: Tranbleman, fatig, konfizyon, fwote men yo, pèdi memwa, pwoblèm lapawòl oswa somnolans.
  • Aksyon: Ale nan yon chanm ki cho. Chofe sant kò a anpremye—pwatrin, kou, tèt ak lenn. Kenbe sèk epi vlope nan kouvreli cho, enkli tèt ak kou.  

Kontni ki gen Rapò

Last Updated: 12/28/2021

Return to top