Kiyès Ki Ta Dwe Fè yon Deklarasyon Taks

Majorite sitwayen ameriken (an anglè) – ak rezidan pèmanan yo (an anglè) k ap travay Ozetazini – bezwen depoze yon deklarasyon taks lè yo rantre plis pase yon seri montan lajan nan ane a (an anglè).

Ou ka vle deklare menm si ou rantre pi piti pase montan sa, paske ou ka jwenn lajan si ou deklare. Sa ka aplikab pou ou si:

  • Yo te fè prelèvman taks sou revni sou salè ou
  • Ou te fè pèman taks estime
  • Ou kalifye pou reklame kredi taks yo tankou Kredi Taks sou Revni ou Antre ak Kredi Taks pou Timoun nan

Èske Ou Bezwen Fè yon Deklarasyon Taks?

Men kijan pou ou konnen si ou ta dwe fè yon deklarasyon taks ane sa a:

Detèmine Egzijans Deklarasyon Ou (an anglè)

Avantaj ki genyen nan Fè yon Deklarasyon Taks

Ranbousman lajan. Nan kèk ka, yo ka ranbouse ou lajan lè ou fè deklarasyon taks ou. Pa egzan, si anplwayè w la te fè prelèvman taks sou chèk li peye ou, nou ka dwe ou yon ranbousman lè ou deklare taks ou yo.

Evite enterè ak penalite. Ou ka evite enterè yo ak penalite yo lè ou fè yon bon deklarasyon taks nan bon moman an ak lè ou peye tout taks ou dwe nan bon fason an anvan dat limit la (an anglè). Menm si ou pa kapab peye, ou ta dwe deklare atan oswa fè demann yon pwolongasyon pou evite dwe lajan.

Pwoteje kredi ou. Ou ka evite genyen yon retansyon kont ou lè ou fè yon bon deklarasyon taks ak peye tout taks ou dwe nan bon fason an anvan dat limit la. Retansyon yo kapab doranje eskò kredi ou epi rann li pi difisil pou ou pou w jwenn yon prè.

Aplike pou èd finansye. Yon bon deklarasyon taks kapab rann li pi fasil pou aplike pou èd avèk depans edikasyon yo.

Konstwi avantaj Sekirite Sosyal ou. Lè ou deklare revni ou fè nan pwòp travay pa ou, w ap gen garanti l ap nan kalkil avantaj ou yo.

Jwenn yon bon imaj de revni ou. Lè ou aplike pou yon prè, moun k ap ba ou prè a ap gade deklarasyon taks ou pou li kalkile to enterè ou epi deside si w ap kapab ranbouse. Si ou fè bon deklarasyon taks, ou ka jwenn yon prè avèk yon to enterè ki pi piti ak pi bon tèm ranbousman yo.

Rete ak lespri poze. Lè ou fè yon bon deklarasyon taks epi peye taks ou yo atan, w ap konnen w ap fè sa ki bon an pou w respekte lalwa.

Etap Apre yo

Resous yo