U.S. flag

An official website of the United States government

Dot gov

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Https

Secure .gov websites use HTTPS
A lock ( ) or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Unlit street light at night

Pann Kouran

Konsèy sou Pann Kouran

Pandan yon Pann Kouran

Apre yon Pann Kouran

Kontni ki gen rapò

Pann kouran pwolonje ka afekte tout kominote a ansanm avèk ekonomi an.  Yon pann kouran se lè kouran elektrik la entèwonp sanzatann,

Yon pann kouran kapab:

  • Deranje kominikasyon, dlo ak transpòtasyon.
  • Fèmen biznis lavant andetay, episri, estasyon gaz, ATM yo, bank ak lòt sèvis yo.
  • Koze manje gate ak dlo kontamine.
  • Anpeche itilizasyon aparèy medikal yo.

Konsèy sou Pann Kouran

Image
A man uses a flashlight to find an electricity socket in a power outage to unplug it.
  • Kenbe frijidè ak konjelatè yo fèmen.
  • Itilize yon dèlko, men SÈLMAN deyò epi lwen fenèt yo.
  • Pa itilize recho gaz oswa fou pou chofe kay ou.
  • Dekonekte aparèy elektwomenaje ak elektwonik yo pou evite domaj nan tansyon elektrik.
  • Fè lòt plan pou refrijere medikaman yo oswa itilize aparèy medikal ki depannde enèji.
  • Verifye avèk otorite lokal yo sou lokasyon pou chofaj ak klimatizasyon ki ouvè ki toupre w.

Kijan pou Pwoteje tèt ou pandan yon Pann Kouran

Ale nan yon lokasyon kominotè ki gen kouran si chalè oswa fredi a ekstrèm.  

Prepare pou yon Pann Kouran

Fè yon envantè sou atik ou bezwen yo ki konte sou elektrisite. Planifye pou batri yo ak lòt sous elektrisite ki bezwen atansyon w lè kouran an entèwonp, tankou yon chajè pòtab oswa yon bank alimantasyon. Gen flach pou chak manm nan kay la.  Detèmine si telefòn lakay ou ap travay nan yon pann kouran ak konbyen tan batri rezèv la pral dire.

Konnen Bezwen Medikal ou yo

Pale avèk yon founisè medikal sou yon plan pann kouran pou aparèy medikalman ki     ka estoke meikaman nan tanperati ki pi wo epi jwenn gid spesifik pou nenpòt medikaman ki enpòtan pou lavi.

Estokaj Manje

Gen ase manje ki pa p gate ak dlo.  Kite konjelatè ak frijidè yo fèmen. Frijidè a ap kenbe manje yo glase pou apeprè katrèdtan.  Yon konjelatè plena p kenbe tanperati a pou apeprè 48 èdtan. Itilize glasyè avèk glas si nesesè. Kontwole tanperati a avèk yon tèmomèt. Jete manje si tanperati a mwens pase 40 degre oswa piwo.

Itilizasyon Aparèy Eletwo-menaje pandan yon Pann Kouran

Enstale detektè monoksid kabòn avèk batri sekou nan lokasyon santral yo sou chak nivo lakay ou. Evite anpwazonman monoksid kabòn. Dèlko, recho pou kan oswa griy chabon yo dwe toujou sèvi deyò ak nan omwen 20 pye de fenèt yo.  Pa janm itilize yon recho gaz oswa fou pou chofe lakay ou. Fèmen oswa dekonekte aparèy elektwo-menaje yo, ekipman oswa elektwonik. Kouran ka retounen avèk wo tansyon detanzantan oswa ogmantasyon ki kapab koze domaj.

Maladi Kowonaviris 2019 (COVID-19)

Enskri pou mizajou imèl sou viris kowona nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi
[Centers for Disease Control and Prevention (CDC)]. Verifye avèk otorite lokal ou yo pou jwenn adrès sant refwadisman oswa chofaj yo. Adrès yo ka chanje ane sa akoz pandemic COVID-19. Eseye pote atik say o ki kapab ede pwoteje oumenm ak lòt moun nan sant refwadisman oswa chofaj kont COVID-19, tankou de mask pou chak moun ki gen laj dezan oswa pi gran nan kay la, dezenfektan pou men ki gen ladan omwen 60 pousan alkòl ak materyèl netwayaj. Revize gid CDC pou “Ale nan yon Abri pou Katastwòf Piblik pandan Pandemi COVID-19 lan.”

Retounen Apre yon Pann Kouran

Image
Illustration of food in an open refrigerator, showing some spoiled food, including eggs, cut vegetables and a pitcher of fluid.
  • Lè ou an dout, jete l! Jete nenpòt maje kit e ekspoze nan tanperati 40 degre oswa piwo pou dezèdtan oswa plis, oswa ki gen yon sant dwòl, koulè oswa teksti ki pa nòmal.
  • Si kouran an koupe pou plis pase yonsèl jou, jete nenpòt medikaman ki ta dwe rete nan frijidè, sof si etikèt medikaman an di otreman.  Konsilte doktè oswa famasyen w imedyatman pou yon nouvo apwovizyonman.  

Kontni ki gen Rapò

Last Updated: 01/19/2022

Return to top