Fè demann kopi dosye fiskal ou tankou transkripsyon deklarasyon enpo ki pase yo, enfòmasyon sou kont fiskal ou, deklarasyon revni ak salè, ak verifikasyon lèt non deklaran yo.

Aksede a Dosye Fiskal ou sou Kont Anliy

Ou kapab gade dosye fiskal ou yo kounya sou Kont Anliy ou. Sa se mwayen ki pi rapid, pi fasil pou:

  • Konnen konbyen ou dwe
  • Gade istorik pèman ou
  • Gade revni an gwo ajiste (AGI) ane pase w la
  • Gade lòt dosye fiskal

Vizite oswa kreye Kont Anliy ou.

Metòd ou te chwazi pou soumèt deklarasyon taks ou, (deklarasyon sou entènèt oswa papye) ansanm ak si ou te dwe yon balans sou li, ap afekte disponiblite transkripsyon w pou ane sa a (an anglè).

 

Fè Demand Sou Entènèt

Jwenn transkripsyon an anliy se mwayen ki pi rapid pou w jwenn transkripsyon w lan.

Men Sa W Ap Bezwen

Si ou pa t deja genyen yon non itilizatè nan IRS oswa yon kont ID.me, prepare foto idantite w.

Kisa Ou Ap Jwenn

  • Tout kalite transkripsyon yo disponib sou entènèt
  • Gade, enprime oswa telechaje transkripsyon ou
  • Verifye idantite ou yon fwa epi fasil w ap kapab retounen annapre pou w jwenn yon transkripsyon oswa itilize lòt sèvis sou entènèt IRS yo.

 

Resevwa Transkripsyon Sou Entènèt (an anglè)

Avètisman: Sèvis Resevwa Transkripsyon sa a se pou kontribyab endividyèl yo rekipere pwòp transkripsyon pa yo pou rezon pèsonèl yo. Pa gen pèsonn lòt antite ki gen otorizasyon pou itilize sa.

Lòt mwayen pou mande transkripsyon sou entènèt

Nou rekòmande ou mande yon transkripsyon sou entènèt pliske sa se mwayen ki pi rapid pou jwenn yon transkripsyon. Si ou pa ka jwenn transkripsyon w lan sou entènèt, ou ka mande yon deklarasyon taks oswa transkripsyon kont fiskal pa lapòs pito.

Kisa W Ap Bezwen

Pou w mande yon transkripsyon pa lapòs, w ap bezwen adrès bwat postal ou nan dènye deklarasyon w lan. 

Kisa W Ap Resevwa

  • Deklarasyon Taks ou oswa tip transkripsyon Kont Fiskal ou ke yo ap voye ba ou nan lapòs
  • Transkripsyon yo ap rive nan adrès ki koresponn ak non w nan dosye nou ant 5 ak 10 jou sivil

 

Resevwa Transkripsyon pa Lapòs (an anglè)

Ou kapab fè demann yon transkripsyon pa lapòs tou lè ou rele sèvis transkripsyon pa telefòn otomatik nou an nan 800-908-9946.

Vizite paj Kesyon Moun Poze Souvan (FAQs) sou Resevwa Transkripsyon (an anglè) an pou plis enfòmasyon. Si ou ap chèche yon transkripsyon pou ka ranpli FAFSA, gade nan Enfòmasyon sou taks pou demand èd finansyè pou etidyan (an anglè).

Remak: Transkripsyon yo maske, an pati, enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye nou pou pwoteksyon. Done finansyè yo ap rete totalman vizib pou preparasyon taks, reprezantasyon taks oswa verifikasyon revni. Aprann plis sou Apwopo Transkripsyon Taks (an anglè). Si ou bezwen yon fotokopi deklarasyon w lan, soumèt Fòm 4506 (an anglè).

AVÈTISMAN: IRS la pa kontakte kontribyab yo ni pa imèl, ni pa mesaj tèks, ni pa chèn medya sosyal yo pou mande yo enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè yo. Ale sou rapòte pyèj elektwonik pou enstriksyon si ou pa sèten ke yon mesaj "pa aza" ou resevwa otantik vre lè li deklare ke se IRS ki voye li, sof si se pa mwayen lapòs Etazini li rive.