This web site was copied prior to January 20, 2005. It is now a Federal record managed by the National Archives and Records Administration. External links, forms, and search boxes may not function within this collection. Learn more.   [hide]

The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


Lwa Sou Fanmi ak Konje Maladi-a, Lwa sou

Ameriken Andikape yo,

e Tit VII Lwa 1964 sou Dwa Sivik-la

Se biwo Konsèy Legal nan Komisyon Ameriken Sou Chans Egal nan Travay-la, EEOC, ki prepare materyèl enfòmasyon sa-a. Objektif-li se bay asistans teknik pou kèk kesyon moun abitye poze sou aplikasyon Lwa 1990 Sou Ameriken Andikape yo (ADA) ak Tit VII Lwa 1964 Sou Dwa Sivik-la (Tit VII) lè Lwa 1993 Sou Fanmi ak Konje Medikal-la (FMLA) aplikab tou.

ENTWODIKSYON

 

Jeneralite

  1. K:         Ki relasyon ki genyen ant egzijans FMLA[1], ADA[2]e Tit VII-la[3]?

    R:         Ni FMLA ni ADA-a egzije yon patwon ki anba jiridiksyon lwa sa-yo pou l bay yon anplwaye konje maladi nan sèten sikonstans[4]. Ni FMLA ni Tit VII-la gen règleman ki pale de konje pou gwosès ak maladi ki gen rapò ak gwosès.

    Anplis de sa, dapre Tit VII-la, patwon yo pa dwe fè diskriminasyon poutèt ras, koulè, relijyon, sèks, orijin nasyonal lè yap bay anplwaye yo konje pou yo rete ak fanmi yo oubyen konje maladi.

  2. K:         Kilès ki fè aplike Lwa FMLA-a?

    R:         Se Depatman Travay-la (Department of Labor) ki fè aplike FMLA-a. EEOC-a pa gen responsablite pou l fè aplike Lwa FMLA-a.

  3. K:         Ki lè lwa FMLA-a te antre ann aplikasyon?

    R:         FMLA te antre ann aplikasyon nan dat 5 Out 1993[5]. Desizyon final yo te pran sou FMLA-a te antre ann aplikasyon 6 Avril 1995[6].

  4. Egzijans de baz FMLA-yo


  5. K:         Ki kalte konje yon anplwaye gen dwa pran dapre Lwa FMLA-a?

    R:         Dapre Lwa FMLA-a, yon anplwaye ki "elijib"[7]kapab pran jouk 12 semèn konje pandan nenpòt peryòd 12 mwa pou youn oubyen plizyè nan rezon sa-a yo:

    1. Pou akouchman e pou okipe yon ti bebe ki fèk fèt;

    2. Pou adopsyon yon ti moun ou pou resevwa yon ti moun nan plan-parenaj e okipe ti moun sa-a[8];

    3. Pou anplwaye-a okipe mari ou madanm, yon pitit (ti gason ou ti fi), oubyen papa/manman ki gen yon maladi grav; e

    4. Paske yon maladi grav lakòz anplwaye-a pa kapab fè youn oubyen plizyè pati esansyèl nan travay-li[9].

  6. K:         Ki lòt dwa anplwaye ki "elijib" yo genyen dapre Lwa FMLA-a?

    R:        Lè anplwaye-a an konje maladi nan kad Lwa FMLA-a, yon patwon dwe kontinye bay menm nivo asirans sante anplwaye-a te genyen-an[10]. Lè konje FMLA anplwaye-a fini, patwon-an dwe rebay anplwaye-a menm plas-li oubyen yon lòt plas ki gen menm valè nan travay-la[11].

  7. Lè benefis FMLA, ADA ak Tit VII aplikab an menm tan.


  8. K:         Ki kalte patwon ki anba jidiksyon lwa FMLA, ADAak Tit VII-la?

    R:         Patwon ki anba jiridiksyon FMLA-a se patwon sektè prive-a ki genyen 50 anplwaye ou plis[12]. Patwon ki anba jiridiksyon Lwa ADA-a ak Tit VII-la se patwon sektè prive-a ki genyen 15 anplwaye ou plis[13]. Kididonk, se sèlman patwon sektè prive-a ki genyen 50 anplwaye oubyen plis ki tonbe anba jiridiksyon FMLA, ADAak Tit VII-la an menm tan[14].

    Patwon nan ajans gouvènman nan nivo Eta ou lokal twouve yo anba jiridiksyon ADAak FMLA, kèlkeswa kantite anplwaye yo genyen[15]. Men, patwon nan ajans Eta ou lokal yo tonbe anba jiridiksyon Tit VII-la si, e sèlman si yo genyen 15 anplwaye ou plis [16].

  9. K:         Eske tout ANPLWAYE ki benefisye pwoteksyon Tit VII-la ak ADA-a merite jwenn konje FMLA-a otorize?

    R:         Non. Anplwaye ki benefisye pwoteksyon Tit VII-la ak ADA-a fèt pou yo ranpli lòt kondisyon pou yo ka "elijib" pou konje FMLA-a. Pou yon anplwaye "elijib" pou FMLA-a, sa depann de plizyè faktè, pa egzanp, konbyen tan li genyen nan travay-la[17]. Epi, se si moun nan ap travay nan yon ajans ki anba jiridiksyon FMLA-a,patwon-an dwe genyen 50 anplwaye ou plis pou-l kapab jwenn konje ke FMLA otorize-a. Gade kesyon 6-la.

  10. ADA ak FMLA

    KIJAN LWA FMLA-A DEFINI "MALADI GRAV" E KIJAN ADA-A DEFINI "ANDIKAP"?

  11. K:         Dapre Lwa FMLA-a, kisa ki reprezante yon "maladi grav"?

    R:         Dapre FMLA, yon "maladi grav" se "yon maladi, blese, andikap oubyen eta fizik ou mantal ki egzije...swen nan yon lopital...oubyen swen nan men yon espesyalis la sante kap trete moun-nan pandan tout tan li malad-la"[18]

  12. K:         Eske FMLA defini "maladi grav" menm jan ADA defini "andikap"?

    R:         Non. FMLA pa defini "maladi grav" menm jan ADA defini "Andikap". Dapre ADA, yon "Andikap" se yon pwoblèm ki limite youn nan gwo aktivite nan lavi-a, fòk moun-nan gen yon dosye sou pwoblèm-nan, oubyen fòk se yon moun yo konsidere kòm yon malad ki gen pwoblèm sa-a.

    Yon ka "maladi grav" dapre FMLA-a kapab reprezante yon andikap pou ADA; pa egzanp, pi fò ka kansè ak apopleksi serebral grav yo. Gen kèk lòt ka "maladi grav" ki pa pase pou andikap dapre ADA; pa egzanp, gwosès oubyen pye kase oubyen èni, paske maladi sa-a yo se pa andikap (pa egzanp gwosès), oubyen paske pwoblèm-nan pa mete anpil limit sou aktivite moun-nan (pa egzanp, yon pye kase oubyen yon èni).

    Epi, le fèt ke yon moun gen yon dosye ki di li genyen yon "maladi grav" pa nesesèman vle di ke moun sa-a gen yon dosye andikap swivan definisyon ADA-a. Dapre lwa ADA-a, yon moun fèt pou l gen yon dosye maladi ki mete anpil limit sou aktivite-l pou l kapab benefisye pwoteksyon lwa sa-a.

    Finalman, paske yon moun gen yon "maladi grav" tou senpleman pa vle di ke patwon-an ap konsidere ke-l gen yon andikap dapre definisyon Lwa ADA-a. Pou yo konsidere yon amplwaye kòm yon "andikape" dapre lwa ADA-a, fòk patwon-li trete l tankou yon moun ki gen yon maladi ki mete anpil limit sou youn oubyen plizyè gwo aktivite nan lavi-li[19].

    Pou detèmine si yon moun andikape dapre definisyon ADA-a, yo dwe konsidere tout prèv ki ka demontre sa, tankou tout enfòmasyon ki ka montre si moun-nan genyen oubyen te genyen yon "maladi grav". Dapre règleman FMLA-a, depi anketè EEOC-yo mande sa, patwon yo dwe pemèt yo revize ansyen ak nouvo sètifika medikal ki gen rapò ak FMLA, ansanm ak lòt materyèl ki gen rapò ak ka-a[20].

  13. SETIFIKA MEDIKAL, ANKET AK SEKRE

  14. K:         Eske dispozisyon FMLA ki pemèt patwon-yo mande yon anplwaye ki gen yon maladi grav pou l prezante yon sètifika medikal, epi limit ADA mete sou kalte kesyon patwon-yo kapab poze sou andikap anplwaye-yo, se 2 bagay ki pa mache ansanm?

    R:        Non. Lè yon anplwaye mande konje dapre Lwa FMLA-a poutèt yon maladi grav, patwon yo pap vyole lwa ADA-a si yo mande wè enfòmasyon ki sou sètifika FMLA-a. Sèfitika FMLA-a mande sèlman enfòmasyon ki gen rapò avèk maladi grav-la, jan FMLA defini-l la, sa vle di maladi ki lakòz anplwaye-a mande konje-a. Yon patwon gen dwa konnen poukisa yon anplwaye ki ta dwe nan travay-li, ap mande konje dapre FMLA-a. Si se kalte kesyon sa-yo patwon-an poze, yo gen rapò ak "djòb-la e yo tonbe dakò ak nesesite travay-la" dapre Lwa ADA-a[21].

  15. K:         Eske yon patwon gen dwa fè yon sèl dosye medikal sekrè pou chak anplwaye, ki separe avèk dosye nòmal ki nan pèsonèl-la, pou sèvi prèv medikal dapre lwa ADA-a ak FMLA-a?

    R:         Wi. Yon patwon gen dwa fè yon sèl dosye medikal sekrè, -ki separe avèk dosye nòmal ki nan pèsonèl-la-- e dosye sekrè sa-a ap gen ladan enfòmasyon medikal ki gen rapò ni ak FMLA-a ni ak ADA-a, si patwon-an respekte règleman sou sekrè ke lwa ADA-a egzije-yo. Sa vle di tou se pou patwon-an respekte fason ADA defini eksepsyon sou sekrè ke ou jwenn ni nan règleman ADA-yo ni nan règleman FMLA-yo[22]. Pa egzanp, patwon yo pa ka bay sipèvize ak direktè yo akse san limit nan dosye medikal-yo. Men, patwon yo kapab bay sipevizè ak direktè yo enfòmasyon sou restriksyon ak aranjman ki nesesè pou travay-la[23].

  16. KONPAREZON ANT KONJE LWA ADA-A AK KONJE LWA FMLA-A

  17. K:         Eske limit 12 semenn konje nan yon peryòd 12 mwa-a ke FMLA tabli-a, vle di ke dapre lwa ADA-a se 12 semenn konje pa ane tou anplwaye elijib yo kapab pran?

    R:         Non. Lwa FMLA-a pa vle di ke yon konje san peye ki dire plis pase 12 semenn poze yon difikilte otomatikman akòz sa ki di nan Lwa ADA-a. Yon moun ki ta kalifye si li pat gen andikap-la, e ki andikape, gen dwa pran plis pase 12 semenn konje san peye, kòm yon aranjman rezonab si konje adisyonèl-la pap poze difikilte pou fonksyonnman travay patwon-an. Pou evalye si yon konje adisyonèl ap poze difikilte, patwon-an kapab anvizaje ki konsekans 12 premye semenn absans anplwaye-a te genyen sou fonksyonnman travay-la, ansanm ak difikilte ki mansyone nan ADA-a. Gade 29 C.F.R. § 1630.2(p).

  18. K:         Ki konparezon ki genyen ant règleman ADA-yo ak regleman FMLA-yo sou konje moun pran tanzantan oubyen pa okazyon?

    R:         Dapre lwa ADA-a, yon anplwaye kalifye e ki andikape kapab travay tan pasyèl nan dyòb-li, oubyen li kapab pran konje tanzantan, kòm yon aranjman rezonab si sa pa poze pwoblèm pou patwon-an. Si (oubyen lè) travay tan pasyèl-la kreye yon pwoblèm pou dyòb-la, patwon-an dwe chache wè si pa gen yon lòt dyòb menm jan-an pou l bay anplwaye-a si-l kalifye pou sa e si travay tan pasyèl-la pa kreye yon pwoblèm. Si pa gen yon lòt dyòb menm jan-an ki deja la, patwon-an dwe chache yon lòt pozisyon vid nan yon pi ba nivo si anplwaye-a kalifye pou li. Si pa gen yon pozisyon vid nan yon pi ba nivo, patwon-an pa oblije kontinye fè plis aranjman[24]

    ADA-a pa defann yon patwon ak yon anplwaye antann-yo sou lòt aranjman ke yo tou 2 aksepte. Pa egzanp, yon patwon ak yon anplwaye kapab tonbe dakò sou yon transfè, sou yon baz tanporè ou pèmanan, si tou 2 pati yo kwè ke transfè-a se yon aranjman preferab pou pozisyon anplwaye-a.

    Dapre Lwa FMLA-a, yon anplwaye ki "elijib" kapab prankonje tanzantan oubyen moso pa moso[25]poutèt li "malad grav" si konje-a nesesè pou tretman-li oubyen pou ede l fin refè nèt, jouktan li finn itilize 12 semenn nan yon peryòd 12 mwa[26]. Lè moun ka prevwa konje sa-a gras a tretman medikal anplwaye-a gen sou pwogram-ni, yon patwon kapab egzije anplwaye sa-a pou l aksepte yon transfè tanporè (pandan dire konje-a) nan yon lòt pozisyon ki koresponn ak kalifikasyon anplwaye-a e ak orè redwi li vin genyen-an[27].

  19. K:         Ki dwa anplwaye yo genyen pou yo reprann yo nan travay dapre lwa ADA ak lwa FMLA-a?

    R:         Dapre Lwa ADA, anplwaye-a gen dwa retounen nan menm dyòb-la, sòf si patwon-an pwouve ke, si l te kite dyòb-la vid, sa tap kreye pwoblèm ki depase limit.

    Nan kèk ka, yon anplwaye kapab mande plis konje dapre Lwa ADA-a menm apre patwon-an fin di li pa ka kontinye kite dyòb anplwaye-a vid (pa egzanp, si sa kreye pwoblèm ki depase limit). Nan ka sa-a, patwon ki anba jiridiksyon ADA-a dwe gade pou wè si l gen yon dyòb menm jan-an ki vid e ki koresponn ak kalifikasyon anplwaye-a, pou l bay anplwaye sa-a san sa pa kreye pwoblèm pou anplwaye a si l rapouswiv konje-a. Si pa gen yon dyòb egal ki vid, patwon-an dwe chache yon pozisyon nan yon pi ba nivo. Si pa gen yon pozisyon konsa ki vid, patwon-an pa oblije kontinye fè aranjman[28].

    Nan lòt sikonstans, patwon-an kapab kite dyòb anplwaye-a vid; men lè anplwaye-a ka vle tounen nan travay, li ka pa kapab ranpli yon fonksyon esansyèl nan premye dyòb-la menm lè yo fin fè aranjman rezonab. Dapre Lwa ADA-a, lè sa rive, patwon-an dwe anvizaje posiblite pou l mete anplwaye-a nan yon lòt pozisyon; premyèman lap voye l nan yon pozisyon egal ki vid e ki koresponn ak kalifikasyon anplwaye-a; si yon pozisyon konsa pa egziste, lap voye anplwaye-a nan youn ki pi ba nivo. Si yon pozisyon-konsa pa ta egziste non plis, patwon-an pa oblije kontinye fè plis aranjman.

    Dapre FMLA, yon anplwaye gen dwa tounen nan menm pozisyon-an oubyen nan yon pozisyon egal[29]. Men, si yon anplwaye pa kapab ranpli yon fonksyon esansyèl nan menm pozisyon-an oubyen nan yon pozisyon egal akòz yon maladi fizik ou mantal, Lwa FMLA-a pa egzije patwon-an bay anplwaye sa-a yon lòt dyòb[30].

  20. K:         Eske ADA ak FMLA egzije patwon-an kontinye asirans sante yon anplwaye ki nan konje maladi?

    R:         Dapre Lwa ADA-a, yon patwon dwe kontinye asirans sante yon anplwaye ki pran vakans oubyen ki travay tan pasyèl, si patwon-an bay asirans sante a pou lòt anplwaye ki pran menm konje-a oubyen kap travay tan pasyèl tou. Polis asirans-la dwe menm bagay ak sa yo bay lòt anplwaye ki pran menm kalte konje-a oubyen ki travay tan pasyèl tou.

    Dapre Lwa FMLA-a, yon patwon dwe kenbe menm nivo asirans anplwaye-a genyen-an (tankou asirans pou fanmi ak pitit-li) pandan peryòd konje FMLA-a, men fòk anplwaye-a peye kotizasyon li abitye peye pou asirans-la[31]. Yon patwon pa dwe fè diskriminasyon kont yon anplwaye ki pran konje dapre lwa FMLA-a, e patwon-an dwe bay anplwaye sa-a menm benefis li te genyen yo (tankou asirans vi ak asirans pou andikap), sa vle di menm asirans patwon-an bay yon anplwaye ki pran menm kalte konje-a oubyen ki travay tan pasyèl[32].

  21. KIJAN OU KAPAB APLIKE LWA ADA-A LE FMLA-A APLIKAB TOU?

  22. K:         Si yon anplwaye mande konje pou l al swiv tretman medikal, èske patwon-an fèt pou l konsidere sa tankou yon demann pou konje FMLA ak aranjman rezonab ADA egzije?

    R:         Si yon anplwaye mande konje pou yon rezon ki gen rapò oubyen ki ta gen yon rapò posib ak andikap (tankou "mwen bezwen yon konje 6 semenn pou m swiv tretman pou yon pwoblèm mwen gen nan do"), patwon-an dwe fè aranjman rezonab ADA prevwa-a e li dwe konsidere demann sa-a tankou yon konje FMLA. Patwon-an ka egzije yon sètifika FMLA[33]e li ka poze kesyon sou andikap-la, si sa nesesè pou l deside si anplwaye-a gen dwa jwenn yon aranjman rezonab akòz yon andikap ke lalwa rekonèt. Men, si anplwaye-a di ke li vle reklame dwa li genyen dapre Lwa FMLA-a, patwon-an pa dwe poze plis kesyon sou pwoteksyon ADA-a bay anplwaye-a.

  23. K:         Nan ka kote ni lwa ADA-a ni lwa FMLA-a aplikab, kijan pou patwon-an detemine ki kondisyon ki pou antre ann aplikasyon nan 12 premye semenn konje maladi anplwaye-a?

    R:         Dapre règleman FMLA-a, yon patwon dwe bay konje selon lwa ki bay anplwaye-a plis dwa-a[34]. Ou kapab jwenn egzanp sou fason yo mete prensip sa-a ann aplikasyon, si ou gade règleman FMLA nan §§ 825.702(b)-(e).

  24. K:         Eske yon patwon kapab ofri yon aranjman rezonab kap pemet yon anplwaye kontinye travay, pase pou li ba li yon miz-an-disponiblite?

    R:         Yon patwon ka ofri yon anplwaye yon aranjman rezonab pase pou ba li konje anplwaye-a mande dapre Lwa ADA-a, toutotan sa-a ap bay bon rezilta[35]. Pa egzanp, yon patwon ka ofri anplwaye-a pou l travay nan yon orè redwi nan menm dyòb-la, oubyen yon transfè tanporè nan yon lòt dyòb, si aranjman sa-yo ap bay bon rezilta.

    Men, si yon anplwaye "elijib" pou konje dapre FMLA-a e si li gen yon maladi grav ki anpeche l ranpli yon fonksyon esansyèl nan dyòb-la, anplwaye-a gen dwa pran yon miz-an-disponiblite pandan 12 semenn nan yon peryòd 12 mwa, menm si li ta ka kontinye travay swivan yon aranjman rezonab kap bay bon rezilta[36]. FMLA pa anpeche yon anplwaye aksepte yon lòt bagay nan plas yon konje, men fòk sa fèt sou yon baz volontè san fòse[37].

  25. LWA ADA-A AK KONJE POU MALADI NAN LAFANMI


  26. K:         Eske Lwa ADA-a egzije yon patwon bay yon anplwaye pèmisyon pou l pran konje pou-l kapab okipe mari ou madanm-li, pitit-gason, pitit-fi, papa-manman oubyen yon lòt moun ki gen yon andikap?

    R:         Dispozisyon ADA sou aranjman rezonab-la pa fè yon patwon ki anba jiridiksyon lwa-a obligasyon pou lbay yon anplwaye konje pou l ka okipe mari ou madanm-li, pitit-gason, pitit-fi, papa/manman oubyen lòt moun ki gen yon andikap e ki gen rapò fanmi ak anplwaye-a[38] Men, patwon-an ap oblije bay anplwaye-a konje sou menm kondisyon li abitye bay konje pou anplwaye ki bezwen al okipe yon mounn ki malad[39].

  27. Tit VII ak FMLA

    KONJE POU GWOSES, AKOUCHMAM E POU PWOBLEM SANTE SA KA ANTRENE

  28. K:         Dapre Tit VII, ki dwa medam yo genyen nan zafè konje poutèt gwosès, akouchman, ak pwoblèm sante sa konn mennen?

    R:         Si yon patwon ofri yon konje maladi tanporè e ki pa dire, Tit VII egzije patwon sa-a trete gwosès ak konplikasyon ki gen rapò avèk gwosès menm jan li trete pwoblèm sante ki pa gen rapò ak gwosès[40]

    Pa egzanp, si yon patwon bay 8 semenn konje peye pou pwoblèm sante tanporè, pantwon sa-a dwe bay 8 semenn konje-peye tou pou gwosès oubyen pou konplikasyon ki gen rapò avèk li.

  29. K:         Eske yon règleman sou konje ki respekte FMLA ka vyole tit VII-la?

    R:         Wi. Yon anplwaye dwe jwenn pwoteksyon lwa kont diskriminasyon yo tankou Tit VII-la, kit li nouvo, kit li ansyen nan travay-la; men yon anplwaye pa elijib pou konje FMLA toutotan li pa gen 12 mwa nan travay-li. Kididonk, si yon patwon tabli règleman ki refize kite yon fanm ansent pran konje pandan premye ane-l nan travay-la, men ki ba l konje pou lòt konplikasyon sante, règleman sa-a fè diskriminasyon kont fanm ansent e se yon vyolasyon Tit VII-la. Epi, yon règleman "neut" ki entèdi nenpòt anplwaye pran konje maladi oubyen konje pou yon andikap ki pa dire lontan, pandan premye ane-l nan yon travay, se yon règleman ki ka gen move konsekans pou anplwaye fi, e sa vyole Tit VII-la.

  30. TIT VII-LA AK KONJE POU-W OKIPE FANMI-W KI MALAD

  31. K:         Eske tit VII-la egzije patwon ki anba jiridiksyon-l pou yo bay anplwaye yo konje pou yo ka okipe yon pitit oubyen yon moun nan fanmi yo ki malad?

    R:         Tit VII-la pa egzije patwon yo bay anplwaye yo konje pou yo al okipe yon pitit oubyen yon manm fanmi-yo ki malad. Men, Tit VII-la defann patwon ki anba jiridiksyon-l-yo fè diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, relijyon, sèks oubyen orijin nasyonal, lè patwon yo ap deside kilès pou yo bay konje pou rezon familyal.

    Pa egzanp, si yon patwon pèmèt yon anplwaye fi -e non pa yon gason- pran yon konje 12 semenn pou l kapab okipe yon ti moun li fèk adopte, gason-an kapab pote plent dapre Tit VII-la, paske patwon-an bay konje familyal sou baz sèks, e sa se yon diskriminasyon.

    Yon lòt egzanp, si yon patwon pèmèt yon fanm pran 3 semenn konje pou l okipe pitit-li ak lòt konje ki nesesè pou l reprann-li aprè yon akouchman, men patwon-an refize pèmèt yon gason pran yon konje 3 semenn pou l okipe pitit-li, gason-an kapab pote plent dapre lwa Tit VII-la, paske patwon-an bay konje sou baz sèks e sa se yon diskriminasyon.

  32. ENFOMASYON POU MOUN KI GEN KESYON OUBYEN PLENT DAPRE LWA FMLA

  33. K:         Si yon moun bezwen enfòmasyon oubyen si li vle pote plent dapre Lwa FMLA-a, kilès li dwe kontakte?

    R:         Moun ki bezwen plis enfòmasyon sou Lwa FMLA oubyen ki bezwen pote plent, dwe pran kontak ak biwo ki okipe kesyon salè ak orè-a nan administrasyon ki okipe zafè prensip travay-yo e ki fè pati Depatman Travay Etazini-an; kontakte biwo ki pi pre-w la. Ou kapab gade nimewo Depatman Travay-la nan annyè telefonik yo nan seksyon ki bay nimewo biwo Gouvènman Ameriken-an (American Government).

Si ou bezwen plis enfòmasyon, rele biwo avoka ki bay konsèy legal-la nan 202-663-4691.

Si yon moun fe demann-nan, li ka jwenn bwochi sa-a sou lòt fòm. Ekri oubyen rele biwo EEOC ki okipe kominikasyon ak zafè lejislatif yo; adrès-la se 1801 L Street, N.W., Washington, D.C. 20507. Telefòn-nan se (202) 663-4900, TDD (202) 663-4494.

Objektif bwochi sa-a se ede moun ki ta renmen konnen ki rapò ki genyen ant ADA, Tit VII ak FMLA jwenn asistans teknik. Se pa yon dokiman ofisyèl sou politik administratif Komisyon-an.

Novanm 1995                                                                                                                                                                           EEOC/FS/HC-10


[1]     Referans ak FMLA-a gen rapò ak Tit I e IV Lwa 1993 Sou Fanmi ak Konje Maladi-a.

[2]     Referans ak ADA-a gen rapò ak Tit I Lwa 1990 amande sou Ameriken Andikape yo.

[3]     Referans ak Tit VII gen rapò ak Tit VII-la e ak Lwa 1964 amande sou Dwa Sivik-la.

[4]     Dapre ADA-a, konje maladi san peye se yon aranjman rezonab e yon antrepriz dwe fè sa pou yon moun andikape ki kalifye, sòf si (oubyen jouktan) sa ta poze yon difikilte pou operasyon biznis-la. Gade29 C.F.R. pt. 1630 app. 1630.2 (0). Lwa ADA-a pa di ki longè konje ki se yon aranjman rezonab.

[5]     Si yon akò sou sendika te ann aplikasyon nan dat 5 out 1993, Lwa FMLA pat aplikab pou anplwaye ki te siyen akò sa-a anvan 5 Fevriye 1994, oubyen nan dat akò-a te ekspire-a, oubyen selon dat ki te vinn anvan-an. 29 C.F.R. § 825.102 (a).

[6]     29 C.F.R. Pati 825, pibliye nan 60 Fed. Reg. 2180 (6 janvye 1995), amande nan 60 Fed. Reg. 6658 (3 fevriye 1995) e 60 Fed. Reg. 16382 (30 mas 1995).

            Menmsi tèks sa-a valab poukont-li, nou bay sitasyon sou règleman FMLA-yo anba tèks-la pou lektè ki bezwen plis detay kap ede yo pi byen konprann sèten dispozisyon ki nan lwa FMLA-a.

[7]     Konsilte nòt nimewo 17 ki anba tèks-la pou fason FMLA defini anplwaye "elijib".

[8]     Konje ki mansyone nan pati 1 ak pati 2 tèks an lè-a dwe fini nan yon peryòd 12 mwa apati dat adopsyon-an, sòf si lwa nan Eeta-a oubyen si patwon-an otorize yon konje ki pi long. 29 C.F.R.§ 825.201.

[9]     29 C.F.R § 825.200(a). Nan dispozisyon sa-a, règleman FMLA-a fè referans ak fason ADA-a defini "fonksyon esansyèl." Id nan § 825.115. Gade kesyon 8 pou yon diskisyon sou "maladi grav."

[10]    Idnan § 825.209.

[11]    Idnan § 825.214.

[12]    Idnan § 825.104.

[13]    42 U.S.C § 12111(5)(ADA); 42 U.S.C 2000e(b)(Tit VII).

[14]    Note ke FMLA gen règleman espesyal pou lekòl primè e segondè (piblik kou prive), poutèt domèn edikasyon-an se yon domèn apa. Kanta pou afè benefis menm, lekòl primè e segondè -kit li piblik kit li prive- yo anba jiridiksyon FMLA, kèlkeswa kantite anplwaye yo genyen. 29 C.F.R. §§ 825.104(a), 825.600. Kididonk, nenpòt lekòl -primè ou segondè- ki anba dispozisyon ki nan lwa ADA-a ak Tit VII-la ap anba dispozisyon FMLA-yo tou.

[15]    29 C.F.R §§824.104(a), 825.108 (FMLA); 28 C.F.R.§35.140 (Tit II ADA) valab pou tout patwon antrepriz piblik kèlkeswa kantite anplwaye yo genyen, e règleman Tit I Lwa ADA-a valab tou; 29C.F.R.§1630.2(e)(Tit I ADA-a valab pou tout patwon ki gen 15 anplwaye ou plis, menm jan li valab pou patwon ajans gouvènman nan nivo Eta e lokal).

[16]    42 U.S.C.§ 2000e(b)(definisyon "patwon").

[17]    Anplwaye-yo "elijib" pou konje FMLA otorize si yo: (1)ap travay depi omwens 12 mwa pou yon patwon ki anba jiridiksyon lwa-a, men fòk se 12 mwa afile; (2)genyen omwens 1250 èdtan travay pandan peryòd 12 mwa-a touswit anvan konje-a kòmanse; e (3) ap travay nan yon antrepriz kote patwon-an anboche 50 anplwaye ou plis nan yon rejyon ki pa depase 75 mil kòm reyon. 29C.F.R.§825.110.

     Yon anplwaye ki "elijib" dwe ranpli lòt kondisyon FMLA-a pou l kapab pran konje maladi paske li genyen yon "pwoblèm medikal grav." Yon espesyalis la sante dwe jwenn ke anplwaye-a pa kapab travay ditou, oubyen li pa kapab ranpli okenn nan fonksyon esansyèl travay-la, akòz "maladi grav-la." 29 C.F.R § 825.115, 825.200(a)(4). Règleman FMLA-a anbrase fason ADA-a defini "fonksyon esansyèl". Id nan § 825.115.

[18]    29 C.F.R §§ 825.114(a)(1).(2). Règleman FMLA-yo fè konnen ke "yon swen ki mande pou yon moun entène lopital" vle di ke moun-nan te pase omwens yon nwit nan yon lokal kote yo bay swen-sante, e sa gen rapò tou ak nenpòt peryòd tan kote li pat kapab mennen aktivite nomal-li oubyen ak tretman li te swiv pandan li te kouche lopital-la. Id nan § 825.114(a)(1). "Men 5 sitiyasyon kote yon moun kapab kontinye pran swen medikal" (1) Enkapasite pandan plis pase 3 jou afile kote li resevwa swa (a) tretman pandan 2 fwa ou plis nan men yon pwofesyonèl lasante (oubyen sou direksyon oubyen sou zòd yon espesyalis lasante), oubyen (b) tretman nan men yon pwofesyonèl lasante nan omwens yon okazyon nan kad yon tretman kap kontinye anba sipèvizyon pwofesyonèl lasante-a; (2)nenpòt peryòd enkapasite akòz gwosès, oubyen pou swen anvan akouchman; (3)nenpòt peryòd enkapasite oubyen tretman akòz yon maladi grav ki kwonik e ki egzije vizit medikal tanzantan, maladi tankou sa ki bay yon kriz sanzatann tankou opresyon, dyabèt ak maladi malkadi; (4) yon peryòd enkapasite pèmanan oubyen kap dire lontan akòz yon maladi ki konn pa ka trete, malgre yon pwofesyonèl lasante kontinye ap swiv eta mounn-nan (pa egzanp maladi Alzheimer, apopleksi serebral grav, oubyen faz final yon maladi ki pa ka trete); e (5) nenpòt peryòd absans pou ou al resevwa plizyè tretman nan men yon espesyalis lasante (oubyen dapre lòd oubyen referans yon pwofesyonèl lasante) pou operasyon oubyen pou yon maladi ki sanble li pral lakòz yon absans plis pase 3 jou afile san tretman (pa egzanp, kansè -kimyoterapi, radyasyon-. atrit grav (terapi fizik), maladi ren (dyaliz). Id nan § 825.114 (a)(2).

[19]    Si ou bezwen yon diskisyon detaye sou fason ADA defini andikap, gade definisyon tèm "andikap-la" nan seksyon 902 bwochi sou respè lalwa-a (Compliance Manual).

[20]    Gade29 C.F.R.§825.500(g)(3).

[21]    Gade29 C.F.R.§1630.14(c)(ADA).

[22]    Gen yon eksepsyon tou nan règleman sou sekrè pou otorite gouvènman-an kap mennen ankèt pou wè si yo respekte lwa FMLA-a, ann akò ak § 825.500(g)(3) nan règleman FMLA-yo.

[23]    29 C.F.R. § 1630.14(c)(l)(ADA); 29 C.F.R.§ 825.500(g) (FMLA). Gade jeneralman "Gid pou aplikasyon lalwa ADA: Kesyon sou andikap ki te egziste depi anvan yo te anboche anplwaye-a ak egzamen medikal (ADA Enforcement Guidance: Preemployment Disability-Related Questions and Medical Examinations)" nan 21-23 (diskisyon sou sekrè)(10 oktòb 1995).

[24]    42 U.S.C.§ 12111(9)(B)(Chanje dyòb anplwaye andikape-a se yon aranjman rezonab); 29 C.F.R.§ 1630.2(o)(2)(ii)(idem):"Yon bwochi sou Asistans Teknik pou byen entèprete dispozisyon sou Travay (Tit I) ki nan Lwa Sou Ameriken Andikape yo (A technical Assistance Manual on the Employment Provisions of the Americans with Disabilities Act)" nan III-24 ak III-25 (diskisyon sou transfè nan yon dyòb ki vid).

[25]    25 Dapre Lwa FMLA-a, "Konje tanzantan" se konje anplwaye-a pran an plizye tan akòz yon sèl rezon -pa egzanp gwosès- lè li kapab itilize konje-a tanzantan pou ekzamen ak swen anvan akouchman oubyen pou maladi ki gen rapò ak gwosès. Anplwaye-a kapab pran konje FMLA-a tou lè yap chanje orè-li pou yon tan, lè l te travay a plen-tan e li vinn ap travay a tan pasyèl. 29 C.F.R. § 825.203.

[26]    29 C.F.R.§ 825.203(c).

[27]    Idnan § 825.204(a); gade tou règleman espesyal sou konje tanzantan pou anplwaye yo nan §§ 825.601, 825.602 (konsidere faktè tankou enpòtans efò pou menm pwofesè yo rete nan lekòl-yo ak enpòtans vakans ete).

Note ke yon anplwaye kalifye ki andikape e kap itilize konje FMLA pou l travay ak yon orè redwi, e/oubyen ki jwenn yon transfè nan yon dyòb ki anba jiridiksyon FMLA, anplwaye sa-a byen kapab bezwen tou yon aranjman rezonab (pa egzanp, ekipman espesyal) pou li ranpli yon fonksyon esansyèl nan yon dyòb. Gade 29 C.F.R. § 825.204(b).

[28]    Gadenòt 24 (chanjman pozisyon kòm yon aranjman rezonab).

[29]    29 C.F.R. § 825.214. Gen yon eksepsyon nan garanti jeneral Lwa FMLA-a bay pou patwon-an rebay anplwaye-a dyòb-li; sè ke, menm lè patwon-an oblije bay yon anplwaye konje, li gen dwa refize repran nan travay-la yon anplwaye ki te okipe yon pozisyon esansyèl si, lè li repran anplwaye-a, sa ta ka lakòz "pwoblèm ekonomik grav" e depi patwon-an satisfè sèten kondisyon. 29 C.F.R.§825.216(c). Yon anplwaye "enpòtan" se yon anplwaye ki gen yon "salè ki pèmèt li benefisye pwoteksyon Lwa FMLA-a, epi fòk li pami 10 pousan anplwaye ki pi byen touche yo e ke patwon-an anboche sou yon reyon 75 mil ak travay-la." Id nan § 825.217. Prensip FMLA sou "gwo pwoblèm ekonomik-la" diferan e li pi rijid pase "difikilte ki pa nesesè" ki mansyone nan ADA-a. Id nan § 825.218(d).

[30]    29 C.F.R. § 825.214(b).

[31]    Idnan §§ 825.209, 825.210.

[32]    29 C.F.R.§ 825.220(c).

[33]    Si ou enterese li yon diskisyon sou kesyon pou konnen ki lè yon anplwaye dwe bay sètifika medikal pou pwouve ke l bezwen konje FMLA-a, gade 29 C.F.R. § 825.305.

[34]    29 C.F.R. § 825.702(a).

[35]    29 C.F.R. pt.1630 app. § 1630.9.

[36]    29 C.F.R. § 825.702(d)(l).

[37]    29 C.F.R. § 825.220(d).

[38]    Okontrè, Lwa FMLA-a fè yon patwon obligasyon pou l bay yon anplwaye ki elijib konje pou l al okipe mari-li ou madanm-ni, pitit-gason, pitit-fi, oubyen papa-l ou manman-li ki malad grav. 29 C.F.R. § 825.112(a)(3). Règleman FMLA defini "mari ou madanm," "piti-gason," "pitit-fi," ak "papa/manman" nan 29 C.F.R. § 825.113.

[39]    29 C.F.R. § 1630.8 (relasyon ou asosyasyon avek yon mounn ki gen yon andikap).

[40]    Gade29 C.F.R. § 1604.10(b). Gade jeneralman 29 C.F.R. pt. 1604 app. (Kesyon ak Repons konsènan Lwa sou Diskriminasyon poutèt gwosès-la).


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page