This web site was copied prior to January 20, 2005. It is now a Federal record managed by the National Archives and Records Administration. External links, forms, and search boxes may not function within this collection. Learn more.   [hide]

The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


FE REYEL SOU DISKRIMASYON POUTET PEYI KOTE YON MOUN SOTI

 

Tit VII Lwa 1964 sou Dwa Sivil-la pwoteje tout moun kont diskriminasyon nan travay ki baze sou peyi kote yon moun te fèt, e kont diskriminasyon pou ras, koulè, relijyon oubyen sèks.

Se yon vyolasyon lalwa pou yon patwon fè diskriminasyon kont nenpòt anplwaye oubyen yon kandida pou travay, poutèt orijin moun-nan. Li ilegal pou yon antrepriz anpeche yon moun benefisye chans egal nan travay poutèt peyi kote moun sa-a te fèt, zansèt-li, kilti-li oubyen poutèt li pale menm jan ak manm yon gwoup rasyal byen detèmine. Li ilegal tou pou yo anpeche yon moun benefisye chans egal nan travay poutèt li marye ak tèl ou tèl moun, ou poutèt li asosye avèk moun ki sòti nan tèl ou tèl peyi, oubyen poutèt li frekante lekòl, legliz, tanp oubyen moske ki asosye an jeneral avèk moun ki sòti nan yon peyi byen presi; oubyen you poutèt moun-nan gen yon siyati (non fanmi) ki makonnen ak yon orijin nasyonal byen detèmine.

REGLEMAN KI MANDE POU MOUN PALE LANG ANGLE-A SELMAN

Yon règleman ki mande pou anplwaye-yo pale lang angle-a sèlman tout tan nan travay-la, byen kapab se yon règleman ki vyole Tit VII-la, sòf si yon patwon montre ke règleman sa-a nesesè pou fè travay-la mache. Si yon patwon kwè ke règleman ki mande pou anplwaye-yo pale angle sèlman nan travay-la, se yon bagay ki enpòtan pou antrepriz-la, patwon sa-a fèt pou di anplwaye-yo ki lè yo fèt pou pale angle e ki konsekans sa ap genyen si yo vyole règleman sa-a. Si yon patwon pran nenpòt ki move desizyon kont yon anplwaye poutèt li vyole règleman sou itilizasyon lang angle sèlman-an san l pat mete anplwaye-yo o-kouran règleman sa-a, otorite konsène-yo pral konsidere sa kòm yon prèv ki montre patwon sa-a fè diskriminasyon.

AKSAN

Yon patwon fèt pou l montre li genyen bon jan rezon ki pa diskrimatwa anvan pou l refize anplwaye yon moun poutèt aksan moun-nan oubyen poutèt fason li pale. Ankèt-yo pral santre sou kalifikasyon moun-nan, e anketè-yo pral gade si aksan oubyen fason moun-nan pale-a tap anpeche l fè travay-li kòmsadwa. Lè yon patwon mande pou anplwaye-yo oubyen kandida pou travay-yo pale angle kouraman, sa kapab vyole Tit VII-la, si patwon-an adopte règleman sa-a pou l bloke moun ki sòti nan yon peyi byen presi pou yo pa jwenn travay e si sa jennen rannman moun sa-yo nan travay-la.

NWIZANS

Lè yon moun sibi nwizans poutèt peyi kote l te fèt, se yon vyolasyon Tit VII-la. Tout kòmantè, blag oubyen jès ki pase yon moun nan betiz poutèt nasyonalite-li, se yon nwizans si sa kreye yon anviwonnman ki fè moun-nan sibi opozisyon, mank-dega oubyen kraponnay nan travay-la; epi si, san rezon valab, sa ta kontrarye rannman moun sa-a nan travay-li, oubyen si sa anpeche moun-nan benefisye chans egal nan travay.

Patwon-yo gen kòm responsablite pou yo evite nan travay-la tout nwizans poutèt orijin anplwaye-yo. Patwon-yo byen kapab genyen pou pran responsablite-a pou nenpòt zak kote ajan-yo ak sipèvizè-yo komèt nwizans kont anplwaye-yo nan travay-la, kit patwon-yo te otorize, kit yo te entèdi kalte zak konsa. Nan kèk sikonstans, yon patwon kapab responsab zak kote moun ki pa anplwaye konn vin nwi anplwaye-yo nan travay-yo.

KEK PRATIK KI GEN RAPO AK IMIGRASYON BYEN KAPAB PASE POU DISKRIMINASYON

Lwa 1996 sou Refòm ak Kontwòl Imigrasyon-an (IRCA) fè patwon-yo obligasyon pou yo pwouve ke tout moun yo anboche apre novanm 1986, se moun ki gen otorizasyon pou yo travay legalman nan Etazini. Lwa IRCA-a entèdi tou diskriminasyon ki fèt poutèt orijin oubyen sitwayennte yon moun. Si yon patwon vize moun yon peyi byen presi (oubyen moun ki sanble yo se etranje) pou li egzije yo bay prèv otorizasyon-yo pou yo travay nan peyi-a, patwon sa-a byen kapab vyole Lwa IRCA-a ansanm ak Tit VII-la. Patwon ki egzije pou yon moun genyen tèl ou tèl sitwayènte anvan pou li anboche moun sa-a, oubyen ki bay sitwayènte amerikèn-nan yon preferans nan anbochaj-li oubyen nan posiblite pou moun benefisye chans egal nan travay, patwon sa-a byen kapab vyole Lwa IRCA-a, sòf si se yon kondisyon legal oubyen yon kondisyon ki ekri sou kontra kèk travay byen patikilye. Yon patwon byen kapab vyole Tit VII-la tou si li fè yon egzijans oubyen si li montre yon preferans ki gen objektif oubyen rezilta sa-a: diskriminasyon kont moun ki genyen yon orijin nasyonal detèmine.

KIJAN POU MOUN POTE PLENT

Si ou te sibi diskriminasyon poutèt orijin nasyonal-ou, ou merite jwenn yon reparasyon, sètadi yo ka mete w nan pozisyon ou te ka okipe si ou pat viktim diskriminasyon-an. Ou kapab gen dwa pou jwenn kèk benefis: pa egzanp, yo ka anboche w, ou ka jwenn pwomosyon, yo ka repran w nan travay-la, yo ka ba ou lajan ou pat touche, oubyen lòt kalite benefis. Ou kapab gen dwa tou pou ou jwenn domaj-enterè pou yo kapab rekonpanse w pou pèt finansye ou kapab fè nan lavni, pou soufrans mantal ak lòt kontraryete. Yo byen ka ba ou lajan kòm dedomajman, si yon patwon te aji ak mechanste oubyen neglijans. Ou byen kapab gen dwa tou pou yo remèt ou lajan ou depanse pou avoka.

Si ou te viktim diskriminasyon poutèt orijin nasyonal-ou, ou kapab pote plent nan nenpòt biwo Komisyon Ameriken pou Chans Egal nan Travay-la (U.S. Equal Employment Opportunity Commission). Genyen biwo sa-yo nan 50 vil nan Etazini e ou kapab jwenn nimewo telefòn-yo nan pi fo annyè telefonik lokal-yo nan seksyon ki bay nimewo biwo gouvènman ameriken-yo (U.S. Government). Ou kapab jwenn enfòmasyon sou tout lwa EEOC fè aplike, si ou telefone nan nimewo sa-a: 800-669-EEOC -koutfil sa-a gratis. Nimewo telefòn gratis EEOC pou moun ki soud-yo, se 800-800-3302. Ou kapab jwenn kopi enfòmasyon sa-yo sou yon lòt fòma si ou mande sa.

Si ou bezwen plis enfòmasyon sou dwa ak responsablite nan zafè travay dapre Lwa sou Kontwòl ak Refòm Imigrasyon-an, ou kapab telefone nan nimewo sa-a: 1-800-255-7688. Se nimewo biwo Avoka Espesyal ki okipe kesyon enjistis ki gen rapò ak imigrasyopn e ke moun sibi nan anbochaj.

 

Janvye 1994                                                                                                      EEOC-FS/HC-1


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page