The U.S. Equal Employment Opportunity Commission


TI ANTREPRIZ AVEK ARANJMAN POU OFRI KONFO REZONAB

ENTWODIKSYON

Lwa Sou Ameriken Andikape-yo (ADA) mande pou yon mèt travay ki genyen 15 anplwaye oubyen plis, fè aranjman pou l ofri konfò rezonab pou moun ki andikape kapab travay, sòf si sa ta kapab koze travay-la yon nwizans san rezon. Yon aranjman pou konfò rezonab se kapab nenpòt ki chanjman ki fèt nan anviwonnman travay-la oubyen nan fason yon travay dwe fèt, de kwa pou pèmèt yon moun ki andikape benefisye chans egal nan travay-la. Genyen 3 kategori “aranjman pou konfò rezonab”:

(i)     chanjman nan mach-a-swiv pou moun aplike pou travay

(ii)    chanjman nan anviwonnman travay-la, oubyen nan fason travay-la abitye fèt nòmalman

(iii)   chanjman ki pèmèt yon anplwaye ki andikape benefisye menm avantaj ak privilèj nan travay-la (tankou posiblite pou li patisipe nan estaj).

Malgre anpil moun ki andikape kapab aplike pou sèten travay epi reyalize travay sa-yo san okenn aranjman pou konfò rezonab, baryè nan travay konn anpeche kèk lòt moun andikape akonpli yon travay yo byen ta ka fè si kèk aranjman te fèt pou sa. Baryè sa-yo se kapab obstak fizik (tankou enstalasyon oubyen ekipman ki enposib pou yo itilize), oubyen se kapab prensip ak règleman (tankou règleman ki konsene orè travay-la, lè anplwaye-yo pran “break”, oubyen fason moun fè travay-la). Aranjman pou konfò rezonab-yo elimine baryè nan travay-la pou moun ki andikape.

Gid sa-a pote repons pou kèk nan prensipal kesyon ti antrepriz-yo ap poze konsènan aranjman rezonab-yo. Li eksplike ki sa ni mèt travay-yo ni moun andikape-yo genyen kòm obligasyon, e li jete yon koutje tou sou limit efò yon mèt travay ka deplwaye pou l fè aranjman pou li ofri yon konfò rezonab.

Gid sa-a sòti nan Rekòmandasyon ke Komisyon pou Chans Egal nan Travay-la (Equal Employment Opportunity Commission)fè sou Aplikasyon Règleman sou Konfò Resonab e sou Nwizans san Rezon, dapre sa ki di nan Lwa ADA-a. Tout ti antrepriz ki ta vle konnen plis bagay sou konfò rezonab e sou nwizans san rezon, yo kapab rele nan 1-800-669-3362 pou yo mande yon kopi gratis Gid sou Aplikasyon-an (Enforcement Guidance) poutèt, oubyen yo ka jete yon koutje sou li sou paj EEOC genyen sou entènèt-la, 

KIJAN POU MOUN MANDE KONFO REZONAB

  1. Kijan yon moun dwe mande yon aranjman pou konfò rezonab?

    Moun-nan (gason oubyen fi) fèt pou fè mèt travay-la konnen ke li bezwen yon adaptasyon oubyen chanjman nan travay-la pou yon rezon ki gen rapò avèk yon pwoblèm medikal. Yon moun kapab itilize yon langaj klè pou sa, san li pa bezwen site lwa ADA-a ni itilize ekspresyon “aranjman pou konfò rezonab-la”. Li pa nesesè pou yon demann pou konfò rezonab fèt sou papye, menm si yon mèt travay gen dwa deside ekri yon memorandòm oubyen yon lèt pou l konfime demann-nan.

  2. Kisa yon mèt travay dwe fè apre li fin resevwa yon demann pou konfò rezonab?

    Lè andikap-la avèk/oubyen nesesite pou konfò rezonab-la se pa yon bagay ki klè, mèt travay-la kapab mande moun-nan pou l prezante kèk dokiman rezonab sou andikap-la e sou pwoblèm fizik-li.

    Mèt travay-la ak moun ki andikape-a ta dwe kòmanse patisipe nan yon efò pou yo pote limyè sou sa moun-nan bezwen epi idantifye sa ki ta kapab reprezante yon konfò rezonab. Mèt travay-la gen dwa poze moun-nan kèk kesyon ki ta ka pèmèt antrepriz-la pran yon desizyon ki repoze sou bon jan enfòmasyon lè lap reponn demann-nan. Pami kesyon sa-yo, genyen kesyon pou mande moun-nan ki kalite aranjman li bezwen.

    Genyen anpil resous piblik e prive ki la pou ede mèt travay ak moun andikape ki pa fin abitye avèk aranjman posib-yo. (Jete yon koutje sou Anèks ki tache nan gid sa-a pou ou jwenn yon lis sou resous ki kapab ede moun idantifye aranjman pou konfò rezonab-yo).

  3. Eske mèt travay-la oblije ofri konfò rezonab ke moun-nan vle-a?

    Mèt travay-la gen dwa chwazi ant divès konfò rezonab, depi konfò li chwazi-a se yon konfò ki efikas (sètadi, li elimine baryè ki an kesyon nan travay-la). Antrepriz-la gen dwa vini ak lòt lide sou yon aranjman rezonab ki diferan pou elimine baryè ki an kesyon-an. Si genyen 2 aranjman rezonab posib, epi youn pi chè pase lòt, oubyen si li pi difisil pou enstale/oubyen pou jwenn, antrepriz-la gen dwa chwazi sila ki koute pi piti lajan-an oubyen ki pi fasil pou enstale oubyen pou jwenn-nan, depi li efikas.

  4. Nan konbyen tan yon mèt travay fèt pou l satisfè demann li resevwa pou l ofri yon konfò rewzonab?

    Yon mèt travay ta dwe prese reponn yon demann pou yon konfò rezonab. Si mèt travay-la ak moun andikape-a genyen pou yo patisipe ansanm nan yon efò kap debouche sou konfò-a, efò sa-a tou ta dwe fèt pi bonè li kapab. Se konsa tou, mèt travay-la ta de pase alaksyon san pèdi tan, pou l ofri konfò rezonab-la.

    DIVES TIP KONFO REZONAB

    Genyen divès tip konfò rezonab diferan. Men enfòmasyon sou kèk nan yo.

  5. Eske chanjman nan fason travay-la fèt-la, se yon aranjman pou ofri konfò rezonab?

    Wi. Pami chanjman sa-yo, genyen: (1) wete yon responsablite nan men yon anplwaye pou bay yon lòt li, si se yon ti travay ke yon anplwaye pa kapab fè poutèt yon andikap; epi (2) pote chanjman nan orè ak anplasman kote yon travay konn fèt. Si yon anplwaye pa kapab fè yon ti travay poutèt li andikape, antrepriz-la kapab mande anplwaye-a fè yon lòt ti travay nan plas-li.

  6. Eske si mèt travay-la ta bay yon anplwaye vakans ki nesesè poutèt yon andikap, sa ka reprezante yon fòm aranjman pou konfò rezonab?[1]

    Wi. Yon vakans san peye se yon fòm aranjman pou ofri konfò rezonab, si sa pa koze yon nwizans san rezon pou antrepriz-la. Men sèlman, mèt travay-la pa oblije ofri moun-nan plis vakans peye pase sa li ofri lòt anplwaye-yo.

  7. Nan ka yon anplwaye andikape ki bezwen plis vakans, èske yon mèt travay kapab aplike yon politik “se pa fòt-mwen”, ki ta lakòz yon anplwaye pèdi dyòb-li apre li fin pase yon sèten tan an konje?

    Si yon anplwaye andikape bezwen plis vakans san peye kòm yon aranjman rezonab, mèt travay-la fèt pou ofri anplwaye sa-a plis tan vakans, menm si antrepriz-la genyen yon politik “se pa fòt-mwen”. Men sèlman, yon mèt travay pa oblije bay plis vakans si: (i) li kapab ofri yon konfò efikas ki kapab pèmèt anplwaye-a kontinye travay, oubyen (ii) si li demontre ke antrepriz-la tap sibi yon nwizans san rezon si li bay anplwaye-a plis vakans.

  8. Lè yon anplwaye mande vakans kòm aranjman pou yon konfò rezonab, eske yon mèt travay gen dwa ofri pito yon aranjman ki oblije moun-nan kontinye travay?

    Wi, si konfò rezonab mèt travay-la ofri-a, se yon aranjman efikas e si sa elimine bezwen pou konje-a. Pou rezon sa-a, yon mèt travay gen dwa re-distribye kèk ti travay oubyen fè yon transfè pwovizwa pase pou li bay vakans, depi anplwaye-a gen posiblite toujou pou l regle pwoblèm medikal-li. Ou ka jwenn enfòmasyon tou nan Fè Reyèl EEOC pibliye sou Lwa FMLA-a ak Lwa ADA-a.

  9. Eske yon orè modifye oubyen yon orè kòm anplwaye a tan pasyèl, se yon aranjman rezonab?

    Wi, depi sa pa pwovoke yon nwizans initil. Yon orè modifye kapab vini avèk kèk chanjman nan lè pou anplwaye-a rive e kite travay-la, li kapab prevwa plizyè “break”, kapab gen chanjman nan lè kèk travay abitye fèt, pèmisyon pou yon anplwaye pran vakans peye ki pwolonje oubyen pou li pran plis vakans san peye.

  10. Si yon antrepriz modifye politik-li poutèt andikap yon anplwaye, èske se yon aranjman pou ofri yon konfò rezonab?

    Wi. Pa egzanp, yon desizyon pou ofri yon anplwaye vakans oubyen pou chanje orè travay-li kòm yon aranjman rezonab, kapab debouche sou yon modifikasyon règleman ak politik antrepriz-la abitye swiv sou kesyon vakans ak prezans. Men sèlman, aranjman rezonab-la mande pou antrepriz-la modifye politik-li sèlman pou yon anplwaye ki andikape. Mèt travay-la gen dwa kontinye aplike politik-la pou lòt anplwaye-yo.

  11. Eske yon mèt travay oblije bay yon anplwaye (fi ou gason) yon pozisyon ki vid, paske anplwaye sa-a pa kapab fè travay-li ankò poutèt li fèk genyen yon andikap? 

    Wi, sòf si mèt travay-la ka demontre sa ta kapab reprezante yon nwizans san rezon pou antrepriz-la. Men kondisyon ki nesesè pou bay yon anplwaye yon lòt travay pou l fè:

    Yon anpwlaye dwe kalifye pou nouvo pozisyon-an. Sa vle di ke moun sa-a (fi oubyen gason): 1). dwe satisfè kondisyon tankou talan, eksperyans, nivo etid, avèk lòt kondisyon ki poze pou yon moun jwenn travay-la, epi 2). fòk li kapab reyalize prensipal fonksyon ki mache ak nouvo travay-la avèk ou san aranjman pou konfò rezonab. Mèt travay-la pa oblije ede anplwaye-a nan okenn efò pou l vin kalifye pou dyòb-la.

    Yon antrepriz pa oblije revoke yon lòt anplwaye ni kreye yon pozisyon. Se menm jan-an tou li pa oblije bay anplwaye-a pwomosyon.

    Nouvo pozisyon-an ta fèt pou se yon pozisyon ki egal nan salè ak nan enpòtans avèk pozisyon anpwlaye-a te genyen anvan-an, oubyen se pou l egal ak yon pozisyon ki pi rapwoche posib ak ansyen-an pou salè ak enpòtans-li, sizoka yon pozisyon egal pa ta vid.

  12. Eske aranjman pou konfò rezonab-la genyen ladan tou desizyon pou bay moun-nan yon lòt sipèvizè?

    Non. Men sèlman, kòm yon fòm aranjman rezonab, Lwa ADA-a kapab mande kèk chanjman nan metòd sipèvizyon-an, tankou metòd ki sèvi pou di moun-nan ki sa l gen pou fè kòm travay.

    LOT KESYON SOU ARANJMAN REZONAB

  13. Eske genyen kèk bagay moun pa konsidere kòm aranjman rezonab e ki, poutèt sa, pa reprezante yon egzijans?
  14. Eske yon antrepriz kapab fè lòt anplwaye-yo konnen gen yon moun kap benefisye yon aranjman pou konfò rezonab?

    Non, paske se kòmsi antrepriz-la tap pibliye nouvèl ki fè konnen gen yon moun ki andikape. Lwa ADA-a pale aklè pou l entèdi piblikasyon enfòmasyon medikal, sòf nan kèk sitiyasyon limite, kote entèdiksyon-an pa elimine posiblite pou yo fè lòt anplwaye konnen yon anplwaye gen yon andikap.

    Pou yon antrepriz reponn kesyon yon anplwaye ta poze sou rezon ki fè yon kolèg ap resevwa sa li konsidere kòm yon trètman “diferan” ou “espesyal”, antrepriz-la kapab ensiste pou di li genyen yon politik ki mande pou l ede nenpòt ki anplwaye kap fè fas ak difikilte nan travay-la. Se konsa tou, antrepriz-la kapab jwenn li itil pou l fè wè ke anpil nan pwoblèm anplwaye-yo kontre nan travay-la, se pwoblèm pèsonèl e ke, nan ka sa-yo, politik antrepriz-la se respekte pwoblèm prive anplwaye-yo. Pou yon mèt travay fè mesaj sa-a pase byen, li kapab bay anplwaye (fi kou gason) ki poze kesyon-an asirans yon fwa ankò ke, si li te genyen pwoblèm prive tou, li tap jwenn menm respè-a si li panse li nesesè pou l mande antrepriz-la fè kèk chanjman nan travay-la pou rezon pèsonèl. Mèt travay-yo byen kapab jwenn li itil pou yo fè tout anplwaye jwenn enfòmasyon sou divès lwa ki mande pou antrepriz-yo satisfè kèk bezwen anplwaye-yo genyen (pa egzanp, Lwa ADA-a ak Lwa sou Lafanmi ak Konje Medikal-la), pandan lwa sa-yo mande mèt travay-yo pou yo respekte e fè respekte vi prive anplwaye-yo.

  15. Eske yon antrepriz kapab anvizaje nesesite yon aranjman pou konfò rezonab si yon anplwaye ki andikape pa mande sa?

    Si yon antrepriz konnen ke yon anplwaye gen yon andikap, li kapab chache konnen tou si moun sa-a bezwen yon aranjman pou konfò rezonab lè antrepriz-la gen bon jan rezon pou l panse ke anplawye-a kapab bezwen yon aranjman konsa. Se menm jan-an tou, yon antrepriz kapab mande yon anplwaye andikape ki gen pwoblèm pou l bay rannman oubyen pwoblèm konpòtman, èske li bezwen yon aranjman pou konfò rezonab.

    NWIZANS KI PA NESESE:

    LIMIT SOU EFO POU OFRI KONFO REZONAB

    Yon antrepriz pa janm oblije ofri okenn konfò rezonab ki ta ka fè travay-la sibi yon nwizans ki pa nesese, sa vle di gwo difikilte avèk gwo depans. Nwizans ki pa nesese-a vle di non sèlman difikilte ekonomik, men tou aranjman pou konfò rezonab ki dire lontan ou ki koze kontraryete san rezon, oubyen aranjman ki ta kapab chanje totalman kalite ak operasyon travay-la.

    Tout demann pou konfò rezonab dwe pase nan yon analiz separe, pou wè si li pap koze yon nwizans ki pa nesesè; analiz sa-a ap pran an konsiderasyon:

    Si kantite depans sa mande a, se yon pwoblèm, biznis-la fèt pou l chache konnen si gen lajan pou sa andeyò travay-la, tankou lajan ki ta ka sòti nan ajans leta pou reyabilitasyon, pou peye pou tout aranjman-an oubyen pou yon pati ladan. Anplis sa, biznis-la ta fèt pou chache konnen èske li kalifye pou l resevwa kèk kredi pou taks oubyen dediksyon pou l ka sipòte depans aranjman-an mande-a. Se konsa tou, si se yon pati nan depans pou aranjman-an ki ka koze yon nwizans initil, biznis-la fèt pou l mande moun andikape-a si li vle peye moso nan lajan-an.

    Yon mèt travay pa kapab pale pawòl nwizans ki pa nesesè, si opinyon sa-a repoze sou lapèrèz li genyen vizavi anplwaye-yo (oubyen kliyan-yo) oubyen sou prejije-li kont yo, oubyen ankò paske si li ofri yon aranjman rezonab, sa ta kapab genyen move konsekans sou moral anplwaye-yo. Men sèlman, mèt travay-yo kapab pale pawòl nwizans ki pa nesesè si yon aranjman rezonab ta kapab nwi san rezon posiblite pou lòt anplwaye fè travay-yo.

  16. Eske yon antrepriz oblije pote chanjman nan orè travay yon anplwaye andikape, si sa kapab anpeche lòt anplwaye fè travay-yo?

    Non. Si yon desizyon pou chanje orè travay yon anpwlaye (oubyen pou ba li konje) kapab anpeche lòt anplwaye fè travay-yo, nan yon ka konsa, gwo deranjman sa ka pote nan operasyon biznis-la kapab reprezante yon nwizans ki pa nesesè.

  17. Eske yon antrepriz kapab refize yon demann pou konje si yon anplwaye pa kapab presize ki dat lap retounen nan travay-la?

    Nan kèk sitiyasyon, yon anplwaye byen kapab bay yon dat a-peprè pou li tounen nan travay-la, paske se pa tout tan yon trètman ak yon konvalesans konn pèmèt moun bay presizyon sou sa. Si yon antrepriz kapab pwouve li ta sibi yon nwizans ki pa nesesè si l pa konnen ki lè egzakteman kilè yon anpwlaye ki gen konje ap retounen nan travay, lè sa-a antrepriz la kapab refize bay konje-a. Yon nwisans kapab san rezon pou antrepriz-la, si mèt travay-la pa kapab ni fè plan dapre dat anpwlaye-a ap tounen, ni pran yon lòt moun an pèmanans pou fè travay-la. Nan kèk lòt sitiyasyon menm, se posib pou mèt travay-la montre souplès.

ANEKS

RESOUS (MWAYEN) POU KONNEN KI KOTE 

MOUN KA JWENN ARANJMAN POU KONFO REZONAB

Komisyon Ameriken Pou Chans Egal nan Travay

1-800-669-3362 (Vwa)1-800-800-3302 (TT)

Sant Piblikasyon EEOC-a genyen anpil dokiman gratis sou sa ki di nan Tit I Lwa ADA-a sou travay, san bliye ni Lwa 42 U.S.C.§12101 ak sa ki vini apre-yo (1994), ni règleman ki nan 29 C.F.R. § 1630 (1997). Anplis sa, EEOC pibliye yon gwo kantite enfòmasyon sou konfò rezonab ak nwizans san rezon. 2 sous prensipal ki bay enfòmasyon sou fason pou moun entèprete lwa-yo, se: (1) Gid Esplikatif ki mache avèk règleman Tit I-an (yo rele li tou Anèks règleman-yo), 29 C.F.R. pt. 1930 §§ 1630.2(o), (p), 1630 (1997), epi (2) Yon Liv ki pale de Asistans Teknik sou Dispozisyon Legal konsènan Travay (Tit I) ki nan Lwa III sou Moun Andikape nan Etazini-yo, 8 FEP Manual (BNA) 405:6981, 6981 (1992). Liv-la genyen ladan tou yon Annyè/Gid 200 paj sou Resous-yo; pami resous sa-a yo genyen ajans federal-yo ak ajans Eta-yo, ajans reyabilitasyon-yo (ki byen kapab peye pou yon pati oubyen pou tout depans ki nesesè pou aranjman rezonab-yo), epi òganizasyon ki okipe afè moun andikape e ki ka ofri èd pou idantifye aranjman rezonab-yo e pèmèt moun konnen ki kote yo ka jwenn aranjman sa-a yo. 

EEOC deja abòde tou kesyon ki gen rapò ak aranjman rezonab nan gid ak dokiman nou pral nonmen la-a yo: (1)_Gid sou Aplikasyon Lalwa: Kesyon ki gen rapò avèk andikap moun genyen anvan yo kòmanse yon travay ak kesyon sou egzamen medikal nan 5, 6-8, 20, 21-22, 8 Liv FEP (BNA) 405:7191, 7192-94, 7201 (1995); (2) Gid sou Aplikasyon Lalwa: Konpansasyon pou Anplwaye, avèk Lwa ADA-a nan 15-20, 8 Liv FEP (BNA) 405:7391, 7398-7401 (1996); (3) Gid sou Aplikasyon Lalwa: Lwa sou Ameriken Andikape-yo Maladi Mantal nan 19-28, 8 Liv FEP (BNA) 405:7461, 7470-76 (1997); epi (4) Fè Reyèl sou Lwa sou Lafanmi ak Konje Medikal, Lwa sou Ameriken Andikape-yo, epi Tit VII Lwa 1964 sou Dwa Sivik nan paj 6-9, 8 Liv FEP (BNA) 405:7371, 7374-76 (1996).

Epitou, EEOC genyen yon postè antrepriz-yo ak sendika travay-yo kapab itilize pou yo konfòme-yo ak sa Lwa ADA-a di sou fason pou moun jwenn enfòmasyon.

Tout dokiman nou sòti nonmen la-a yo, sòf Liv sou sa Lwa ADA-a di sou Asistans Teknik-la, Annyè/Gid sou Resous-la ak postè-a, se dokiman moun kapab jwenn tou sou entènèt-la e sou paj sa-a: http://www.eeoc.gov.

Depatman Travay Ameriken-an

(Pou moun resevwa enfòmasyon sou Lwa sou Lafannmi ak Konje Medikal-la)

Pou moun mande materyèl ekri: 1-800-959-3652 (Vwa) 1-800-326-2577 (TT)

Pou moun poze kesyon: (202) 219-8412 (Vwa)

IRS (Sèvis Taks Ameriken-an)

(Pou enfòmasyon sou kredi nan taks ak dediksyon moun benefisye poutèt yo ofri kèk konfò rezonab)

(202) 622-6060 (Vwa)

Rezo Pou Konfò nan Travay (Job Accommodation Network - JAN)

1-800-232-9675 (Vwa/TT)

http://janweb.icdi.wvu.edu/.

Rezo pou Konfò nan Travay-la (JAN) se yon sèvis Komisyon Prezidansyèl sou Travay Moun Andikape. Li kapab bay enfòmasyon gratis sou divès kalite aranjman pou konfò rezonab.

Lwa ADA sou Andikap ak Sant Asistans Teknik pou Antrepriz-yo (DBTACs)

1-800-949-4232 (Vwa/TT)

DBTACs-yo se yon total 10 sant rejyonal gouvènman federal-la finanse e ki ofri enfòmasyon, fòmasyon/estaj, ak asistans teknik dapre sa ki di nan Lwa ADA-a. Chak sant mete ansanm avèk antrepriz lokal-yo, rezo moun andikape, ajans gouvènmantal, reyabilitasyon ak lòt rezo pwofesyonèl, pou bay enfòmasyon ak asistans ke Lwa ADA-a ofri kounye-a, e yo chak ensiste espesyalman sou nesesite pou yo satisfè bezwen ti biznis-yo. DBTACs-yo kapab bay referans pou moun kontakte sous lokal ki gen bon jan eksperyans nan zafè aranjman pou bay konfò rezonab.

Biwo Rejis Entèprèt pou Moun Soud (Registry of Interpreters for the Deaf)

(301) 608-0050 (Vwa/TT)

Biwo sa-a bay enfòmasyon sou kote pou moun jwenn entèprèt ak sèvis entèprèt, e sou ajans ki ofri asistans nan domèn sa-a.

Pwojè Asistans Teknik RESNA

(703) 524-6686 (Vwa) (703) 524-6639 (TT)

http://www.resna.org/hometa1.htm

RESNA (Rehabilitation Engineering and Asistive Technology Society of North America) vle di ann anglè: Sosyete Jeni ak Asistans Teknolojik Nò-Ameriken pou Reyabilitasyon. Li kapab bay moun referans pou pwojè ki nan tou le 50 Eta-yo e nan 6 teritwa-yo, pandan li ofri moun andikape-yo asistans teknik pou yo benefisye sèvis ki gen rapò ak teknoloji. Pami sèvis sa-yo, kapab genyen:

EEOC-SERA/HC

 

[1] Tout mèt travay ki dwe respekte Lwa sou Lafanmi ak Konje Maladi-an (Family and Medical Leave Act-FMLA), kapab gen kèk obligasyon poutèt lwa sa-a e poutèt lwa ADA-a. Pou plis enfòmasyon sou fason lwa sa-yo aplike pou konje e sou orè modifye, antrepriz-yo kapab kontakte Rekòmandasyon EEOC fè sou Aplikasyon Règleman sou Konfò Renonab-yo e sou Nwizans san Rezon dapre Lwa ADA-a; yo ka jwenn enfòmasyon tou nan Fè Reyèl EEOC pibliye sou Lwa FMLA-a ak Lwa ADA-a.


This page was last modified on July 21, 2003.

Home Return to Index Page