|
15 fevriye 2000 Rapel INS pou aysyen ki gen dwa benefisye pwogram HRIFA-a WASHINGTON Jodi-a, Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon (INS) fè tout kandida prensipal aysyen ki gen dwa benefisye pwogram HRIFA (ki se Haitian Refugee Immigration Fairness Act) INS fè tout moun sa yo songe dat limit pou depose aplikasyon yo se 31 mas 2000. Dat limit pou depose tout aplikasyon sa yo nan biwo imigrasyon Nebraska, Nebraska Service Center, se 31 mas 2000. Yo pap aksepte aplikasyon apre dat sa-a menm si ou ta ekri dat 31 mas sou envlop lapos-la. INS pap aksepte aplikasyon nan men kandida prensipal pou pwogram HRIFA apre dat 31 mas 2000. Pa gen dat limit pou depose aplikasyon pou manb fanmi-ou, men fok benefisyè prensipal-la te gen tan depose aplikasyon pal-la anvan. Dat limit-la pa impotan pou kandida prensipal ki ta anvi aplike si koulye-a yo pa o Zetazini, paske fok yo la prezan o Zetazini pou yo kapab regilarize stati-yo nan pwogram HRIFA. Kandida sa yo ki ta vle ajiste stati-yo fet pou remèt yon aplikasyon pou yo ka pèmèt yo rantre o Zetazini sou kondisyon de kwa pou yo aplike pou ajisteman HRIFA anvan dat 31 mas 2000. Kom dat limit-la preske rive, INS ap fe tout posib-li pou apwouve tout demand pou rantre sou kondisyon. Men kom tretman dosye aplikasyon pou pèmèt moun rantre o Zetazini sou kondisyon konn pran plis pase 45 jou, fok aplikasyon sa-yo depose prese prese. INS ap refise tout aplikasyon pou pèmèt moun rantre sou kondisyon ki soti nan men yon kandida prensipal depi INS pat wè aplikasyon sa-a anvan dat 31 mas 2000. Menm Lèi ka-a refise, yo pap remèt lajan ki te depose pou tretman dosye-a. Epi, anken dokiman yo te bay pou kandida prensipal pati pou ajiste stati-li nan HRIFA pap valid sôf si kandida-a prezente dokiman sa-a le lap rantre o Zetazini pa pi ta pase 31 mas 2000. Apre dat 1er avril 2000, INS pap kite anken moun rantre o Zetazini avek dokiman ki pèmèt moun rantre sou kondisyon pou yal fe ajisteman HRIFA kom kandida prensipal. Pou ka kalifye pou benefisye avantaj HRIFA-yo, yon aysyen dwe tonbe anba youn nan senk kategori seksyon 902 (b) HRIFA-a bay; yo fèt pou te toujou prezan net ale o Zetazini depi 31 desanm 1995; epi yo pa dwe fè pati kategori moun ki pa gen dwa rantre o Zetazini, sôf si HRIFA di esprèseman si yo ka vag sou rezon sa-yo. Kèk fanmi ki depan de ayisyen sa-yo elijib tou. Kategori moun sa yap pale nan seksyon 902 (b)-a, se aysyen ki fèt an Ayiti e ki:
Afè "Prezan net ale"-a vle di moun sa-a dwe te pase plis pase 180 jou nan yon lot peyi ke Etazini soti 31 desanm 1995 pou rive jis nan dat yo apwouve aplikasyon pou ajisteman HRIFA. Lwa INS-yo prevwa yon seri de kondisyon kote yon moun ki te rete deyo les Zetazini pandan plis pase 180 jou pap gen anken pwoblem. An plus de sa, yon seri depandan aplikan prensipal pou ajisteman HRIFA (kankou madam, mari, pitit pi pako marye ki gen pi piti pase 21 nan avèk pitit gason et pitit fi ki poko marye min ki gen plis pase 21 nan) kapab aplike pou ajiste stati-yo tou. Delè 31 mas-la pa aplike pou moun sa-yo. Nap fè depandan aplikan prensipal HRIFA-yo sonje ke pou yo ka elijib pou ajiste nan pwogram HRIFA-a, madam, mari ank timoun anba 21 nan dwo prezan o Zetazini le yap fè aplikasyon-a; epi pitit gason ak pitit fi ki poko marye e ki gen plis pase 21 nan oblije pwouve ke yo te prezan o Zetazini nèt ale depi 31 desanm 1995. Kôm dat limit 31 mas 2000-la prèt pou rive, pitit aplikan prensipal ki prèske gen 21 nan e ki pa o Zetazini koulye-a gen dwa pa gen tan pou aplike pou rezidans pèmanan. Pou yo ka aplike pou benefis sa-a, depandan sa yo fèt pou rantre o Zetazini gras a yon dokiman yo te bay aplikan prensipal-la pou li et ki pèmèt depandan yo rantre sou kondisyon. Aplikasyon pou dokiman sa-a dwe apwouve e ya va voyel bay depandan-an poul pati al o Zetazini poul aplike li menm pou benefis HRIFA-yo anvan delè 31 mas-la. Ou ka jwen pi plis enfomasyon sou HRIFA sou entènèt nan adres INS www.ins.usdoj.gov oubyen si ou rele nimewo - 1-800-375-5283 oswa TTY -1-800-767-1833, (depi lindi rive vandredi soti 8 è matin pou 6 zè aprèmidi, leu Lèst). |
Last Modified 02/20/2003